Connect with us

NEWS

Darline Desca | Chanjman ki Okazyone Siksè Darline Desca

Published

on

Chanjman ki okazyone siksè Darline Desca

Se yonn nan bèl grenn chantèz biznis mizik lakay nou benefisye, se yon fanm ki gen anpil kouraj, li pote ni pou zòrèy ni pou zye, li chaje enèji, lap travay depi plis pase 10 lane nan endistri mizikal ayisyèn nan, li gen 2 albòm ak plizyè grenn mizik e tankou anpil lòt fanm li renmen monte sou pik makaya…li pa difisil pou w konprann se Darline Desca nou souvan rele DD.

Apre anpil travay di, Darline Desca ap konnen yon siksè jounen jodi a nou tout ka remake men pou sa te rive fèt gen anpil chanjman atis la te oblije fè : << yonn nan pi gwo kontrent mwen te genyen ki te anpeche m pèse an tan ke atis se te travay mwen. Mwen tap travay nan yon òganizasyon ki te gen anpil restriksyon, jodi a mwen pa tap ka rete nan travay la ak tout popilarite sa. Se yon kote yo wè mizik kòm yon pas tan sa vle di mwen pa t ka afiche otan mwen ta ka vle paske yo pa t dakò moun gen 2 bagay kap rapòte yo lajan. Se te yon kontrent paske kòb mwen tap fè nan travay sa a se te li mwen tap envesti nan karyè mwen, mwen potko gen moun kap envesti nan mwen e se te lajan travay mwen ki te fè albòm “à plein temps” an, videyo ak anpil lòt bagay >>, se konsa Darline tap eksplike, nan emisyon Guy Wewe a jou ki te 28 avril 2021 an, rezon ki te anpeche karyè li dekole. 

Li kontinye pou l di yonn nan moun ki ta pral opere tout chanjman yo tout bon vre se manadjè li Rigaud Simon li te rankontre nan lane 2015. Rigaud te kòmanse ouvè zye li sou kèk bagay konsa atis la ta pral jwenn asirans pou l kite travay sa ki te anpeche l avanse a e konsantre l sou karyè l sèlman paske li vin gen yon moun kap ba li direksyon e se la nou ta pral gen yon atis, yon chantèz “ à plein temps”. Manadjè a ki pat gen dout sou talan DD pa t pran tan pou l te fè l konprann nesesite pou l travay ak lòt moun epi rankontre moun ki pou jere zafè aparans la yon mannyè pou gen yon chanjman total kapital kap rapòte atis la. Ou pa bezwen linèt pou w wè Rigaud Simon te gen rezon.

Li pi fasil pou w wè siksè yon moun pase pou w wè sa li andire pou l rive fè siksè sa. Chantèz la fè anpil sakrifis pou siksè sa li gen jounen jodi a daprè sa li eksplike toujou nan emisyon Guy a. DD admèt ou ka di sa w vle de li men li menm li travay e lap kontinye pou sa sèvi :<< mwen panse mwen ka sèvi modèl pou moun ki gen nenpòt rèv, talan oswa anbisyon ki ta renmen fè siksè ladann olye pou yon moun chita ap di bagay negatif de mwen chèche konn istwa a, chèche konnen paske m panse mwen kapab ede e mwen vle istwa m sèvi jèn kap vini nan sosyete a demen >>.

Darline Desca fè konnen avan li te konn fè mizik sèlman ak kè epi talan li dayè avan li te rankontre manadjè li li te konn chante pou chante san panse ak kote biznis la men depi kèk tan sa chanje, anpil envestisman fèt nan li kidonk li pa ka fè mizik nenpòt kijan ankò.

DD se yon chantèz ki chaje enèji, lè lap pèfòme ou ka santi lanmou ak pasyon kap degaje. Atis la te toujou konsyan de kapasite l daprè sa li di se pou sa depi sou mizik “pik makaya” a li chwazi fè mizik kap pèmèt li itilize tout enèji l e li pwofite eksplwate tout potansyèl li genyen yo pami yo fizik li, rezon ki fè l pa mete dra sou sèn ankò yon fason pou l vann pi byen kò sa li redi travay pou li a. Pou chantèz la e nou ka konstate sa tou, tout chanjman sa yo pote bon fwi, li vin gen plis popilarite e li vin gen plis kòb tou paske li vin gen plis demann pou l pèfòme.

Ou ka pa renmen Darline Desca ak mizik li se yon dwa ou genyen men ou gen anpil bagay pozitif ou ka jwenn lakay li ki ka itil ou. Renmen l pa renmen l DDSK (Darline Desca san kanpe).


Guirlande B. St Hubin | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »