Connect with us

NEWS

Bruno Cho, yon nouvo non nan Endistri Mizik Ayisyèn nan

Published

on

Nou ka poko konnen li byen, poutan mizik li yo pa janm sipann roule nan zòrèy nou nan radyo ak sou rezo sosyo yo. Li rele Jean Bruno Bernard. Non atis se “Bruno Cho”.Li grandi nan yon fanmi protestan kote manman l te toujou konn enplike anpil nan aktivite legliz li kòm dam misyonè ak maestro koral. Li te toujou ap gade epi akonpanye manman l k ap ekri ak konpoze mizik pou koral la. E se la lanmou li pou mizik pral kòmanse. Yon lòt kote, yon granfrè li ki te gitaris te toujou ap fè repetisyon devan li nan kay la.Lè konsa li pran bat tanbou sou tout sal jwenn pou l ka mete plis anbyans nan moman.

Li leve epi grandi ak anbyans sa yo depi tou piti e sa li pral chèche fè rèv li vin tounen yon reyalite. Nan lekol li, li pa janm rate okazyon pou l patisipe nan tout program yo konn abitye fè, tankou chante epi entèprete mizik lòt group ak atis.
Gras ak tout eksperyans sa yo, li vin gen plis matirite e sa fè li plis kwè li gen kalite pou l lanse karyè atis li.

Jenn chantè a gen sèlman 3 mizik nan repètwa li. Nan mwa Dawout 2020, li sòti premye mizik li ki rele “Bò kotew”.Yon mizik konpa lòv ki t ap al gen videyo li ki sòti nan mwa novanm 2021. Nan mwa Mas 2022 li mete deyò yon 2e mizik ki rele ” Ou fè M Rayi w” epi yon 3e mizik ak tout videyo li ” Mwen p ap kite l pou Ou” t ap al sòti nan mwa desanm nan menm ane a. Pitit vil Miragwàn lan adopte konpa kòm estil mizik paske li renmen li anpil, dapre sa li di nou.

Pou kounye a jenn Avoka a poko sou sòti albòm. Men l ap travay sou plizyè mizik l ap gen pou l mete sou prochen albòm li k ap gen pou sòti nan yon dat li poko konnen.

Li vle fè mizik ki gen kalite paske li kwè se konsa l ap ka rive pèse mache a epi enpoze li nan etyèmay la. Pou l fè sa, li pwomèt l ap travay di e l ap mete tout li menm nan sa lap fè a pou l ka atenn objektif li. Se “El Magico” youn nan pi bon jenn prodiktè ki genyen nan sektè a nan moman an ki produi tout mizik li yo.Li swete fè anpil tan ap travay ak li, paske li renmen bitmekè a anpil. Li gen kèlke zanmi ak li, men atis la poko gen Manager.Nan sans sa li ouvè ak tout moun ki ta entèrese pran li anchaj, yon fason pou akonpanye li nan projè li yo epi ede l avanse pi lwen ak karyè li.

Mizik li yo disponib sou tout platfòm yo ak sou chèn YouTube li.

Bélizaire Raphaël (Rafa)  | bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »