Connect with us

NEWS

Mr ZOMÒ GWOLYON SÒTI 2E ALBÒM SOLO LI ” TOUT SE LOVE  ” 

Published

on

Endistri mizik ayisyèn nan ap bouje seryezman depi kèk ane.Anpil nouvo jenn talan ap parèt tèt yo chak jou.Menm lè genyen ki gen plis talan e ki fè plis mizik pase lòt, yo tout ap chèche yon jan pou domine makèt la epi jwenn yon plas nan kè sila yo ki renmen mizik anpil la.

Caleb Webster Fénélon, tout moun konnen sou non atis “Mr Zomò Gwolyon”, se youn pami yo.Jenn atis la ap chèche wè kòman li ka enpoze tèt li nan etyèmay la. Li se yon prodiktè epi chantè k ap fè mizik depi nan lane 2005 al 2007.Se nan yon jenn group ki te rele “Negriye” li t ap al fè premye eksperyans li.Men li t ap al tann lane 2010, apre gro tranbleman tè ki te frape peyi a, pou l demare karyè profesyonèl li.Lè sa a, li te sòti yon mixtape ki te pote non “Nou la” Ki te gen sou li mizik “Ou manke M” kite fè anpil siksè nan moman an.

5 lane apre, li pral fè yon lòt eksperyans avèk Zo- Tèt Alfa. 2 mesye yo t ap al kole tèt yo ansanm pou yo fè 2 albòm, youn nan lane 2015 ak lòt la an 2017. Yo te gen 2 bèl grenn mizik ki te fè chemen yo sou albòm sa yo kise “, “Life goes on” ak “Lanmou entèdi”.Men chemen tou 2 mesye yo t ap al separe nan lane 2019.

Fwa sa a, pitit vil Ponsonde a t ap al pran desizyon pou bay tèt li ak karyè li yon lòt oryantasyon.Li t ap al kontinye fè mizik epi lanse l nan yon karyè solo.Se konsa, nan lane 2020, li t ap al sèvi piblik la premye albòm li kite pote non “Tout se Love”, premye volim. Se sou albòm sa nou t ap al jwenn pi gwo it atis la ki rele “Endispensab” li chante ansanm ak atis fanm ayisyèn Misty Jean ki gen vrè non li Misterlyne Jean.

Zomò, ki pa deside kanpe nan rout, mete deyò nan kòmansman ane 2023 a yon dezyèm albòm ki rele “Tout se Love” dezyèm volim. Albòm sa ki gen 10 mizik sou li, se yon melanj konpa, Afro, Zouk ak Reggae.Li gen Misty Jean ak Shishi ki patisipe sou li.Gen 2 mizik kap gen videyo sou li “Ou menm sèl” ki deja sòti ak “Tattoo” li chante ak Misty Jean k ap gen pou sòti trè byento.

Albòm sa se fwi travay anpil sakrifis atis la ak tout ekip li fè.Se ak pròp mwayen pal li rive produi li san sipò okenn prodiktè nan ti bat bouch nou te gen ak li.

Estaf manajeryal la ki gen nan tèt li Jude Jean-Pierre ap miltipliye kontak yo pou rive prepare yon kalandriye k ap pèmèt atis la jwe ann Ayiti ak nan dyaspora ayisyèn nan.Men se nan mwa mas k ap vini la entèprèt “Lanmou Lajan” ap kòmanse pèfome sou sèn.Annatandan, fanatik ak melomàn yo ap ka koute, achte epi telechaje mizik li yo sous tout platfòm yo ak sou chèn YouTube li.

Bélizaire Raphaël (Rafa) | bélizaire30@yahoo.fr

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »