Connect with us

NEWS

Dezyèm edisyon “TAKE OVA FEST” ap fèt sòti 9 pou rive 13 Mas kap vini la

Published

on

Sòti 9 pou rive 13 mas 2023 randevou a kase nan vil Punta Gana nan Repiblik dominikèn, k ap pare l pou l akeyi “Take Ova Fest” yon bèl epi gwo evènman mizikal ak kiltirèl.Punta Gana, se youn nan pi gro ak pi bèl vil touristik ki genyen lakay vwazen.Li genyen bèl gwo plaj ak bon dlo fre ki toujou atire anpil touris.Se la dezyèm edisyon festival “Take Ova Fest” la pral deroule ane sa.

Kisa “Take Ova Fest” la ye ?
Take Ova Fest, se yon inisyativ yon group pèsonalite ki nan entertainment ke anpil moun konnen nan sektè kiltirel ayisyen an pran, yon fason pou mete kilti ayisyèn lan an valè atravè group ak atis ayisyen k ap fè mizik. Objektif la se non sèlman pèmèt aktivite sila rive fèt nan diferan peyi nan rejyon an ki konn atire anpil touris, men tou pèmèt atis ak group ayisyen ak lòt peyi yo jwe devan yon piblik ki melanje.Yon fason pou fè plis pwomosyon pou mizik nou an epi vann atis nou yo ak group mizik nou yo sou mache entènasyonal la.Pami inisyatè yo nou ka site : Jeanjean Hennessy, Jean Marie Simon (JMS), Georges Simon (GS), James Monplaisir (Ti Lunèt), Leroy Woodenav, Marc Eddy Chery, Junior Bonheur, Romy Hyppolite, Stéphanie Douyon ak kèk ajans promosyon ki nan Repiblik Dominikèn.

“Take Ova Fest” se yon festival ki diferan de lòt festival ki konn abitye fèt deja nan makèt la, dapre Stéphanie Douyon, youn nan manb òganizatè yo ki te reponn kesyon KonpaEvent.
Youn nan rezon li explike ki fè festival la diferan, sèke aktivite yo ap fèt sou plizyè jou ak sou plizyè sit, sòti 9 pou rive 13 mas.Anplis desa, gen anpil atis, group mizikal ak DJ kap gen chans pèfome nan gwo evènman sila kote piblik la ap gen posiblite chwazi package kap bon pou yo, pou patisipe nan divès pati nan program nan.

Pami group, atis ak DJ kap gen pou pefòme nan festival la gen : T-Vice, Kreyol La, Maestro, Darline Desca, Bedjine & Kadilak, Junior Bonheur, Pierre Jean, Charlin Bato, Afriken & B-Mixx, Brush1, Deejay Puffy, ak anviwon yon dizèn DJ.Gen kèk chanjman ki fèt nan dezyèm edisyon an pou ane sa.Gen group ak atis ki te prezan nan premye edisyon an ki pa nan line-up la pou ane sa.E se konsa l ap ye pou chak edisyon, dapre òganizatè yo.

Kote lojistik, gen yon ekip solid ki la pou jere kesyon sila epi asire bon deroulman chak pati nan program nan ki gen plizyè aktivite ladan l tankou : Take Ova Kickoff Party, Take Ova White Party, Take Ova Fest, Take Ova Pool Party, elatriye.

Òganizatè yo konte anpil sou piblik la k ap gen pou sòti Ayiti, Sen Domeng, nan dyaspora a, Kanada, Etazini, Lafrans ak lòt peyi nan karayib la, ki dwe fè deplasman an foul pou vin patisipe nan gro evènman mizikal sa.

Yo envite moun ki entèrese patisipe yo e ki bezwen gen plis enfòmasyon sou tout package yo, pou yo ale sou sit sa : www.TAKEOVANOW.com pou yo ka rezève epi achte tikè yo.

Bélizaire Raphaël (Rafa) | bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »