Connect with us

NEWS

Harmonik, Charlin Bato ak Oswald Byen Pase nan Lakou Montréal

Published

on

Samedi ki te 18 fevriye 2023 a, group Harmonik ansanm avèk Oswald epi Charlin Bato reyalize yon bèl sware nan lakou Montréal, nan okazyon 10è edisyon “NIGHT OF LOVE” la. Yon gwo Event “Real Paper Production” toujou òganize chak ane, nan okazyon fèt Sen Valanten an. Harmonik se youn nan group ki toujou prezan nan chak edisyon yo.Men, ane sa, se avèk Oswald epi Charlin Bato ansyen poulen Rodney Noël yo te pataje sèn lan.

Se yon sware ki te reyisi an tèm patisipasyon piblik la ki se yon abitye ak program lan e ki te fè deplasman an gran nonb pou te vin enjòy moman sa.

Yon “nuit Lanmou” ki te kenbe promès li avèk tou 2 group yo ki te rale pibèl it yo genyen nan repètwa yo pou anime sware a.

Se Charlin Bato ki t ap al ouvè bal la.Entèpret “Lage Cha a” t ap al sèvi piblik la 3 nan pi bèl mizik li gen k ap mache yo avan li te rale kò li pou bay Oswald ak tout ekip li plas la. Chantè Gwadloupeyen an ki gen orijin li nan peyi Dayiti a, t ap al deplwaye tout enèji li pou anime piblik la ki pat manke pa reyaji byen ak mizik it li yo, li te rale pou make sware a, tankou : “En Solo”, “Ti Doudou”, pou n site sa yo sèlman. Se yon Oswald ki gen anpil jistès nan vwa li ki te kapte piblik la ki pat manke pa ba l yon bèl akèy.Atis la degaje anpil enèji sou sèn san l pa janm pèdi vwa li, e li kominike byen ak piblik la.Men tou gen anpil observatè ki reproche atis li pale twòp nan moman solo yo, sa yo estime ki pa nesesè.

Group Harmonik t ap al pran mayèt la apre, pou boukle sware a.Mesye yo te vle montre gen bon jan amoni antre yo apre depa Rodney Noël kòm ansyen manadjè yo. Anpil moun te ka di yo vide tout ti diferan ki te genyen antreyo apre separasyon yo ak Rodney, pou jan yo antann yo byen sou sèn lan. Yo te jwe plizyè nan gwo it dyaz la, tankou : “Benyen” ; “Pap ka sépare” ; “Incroyable” pou n site sa yo sèlman.
Te gen anpil entèaksyon ant Marc D ak piblik la.Chantè a sanble vle fè gwo jefò pou korije ti mankman sa yo te toujou konn ap reproche li devan dyaz la.

Se yon sware ki te kenbe pwomès li.Men anpil observatè ak moun ki te patisipe nan program lan pa manke pa voye flè pou Oswald yo estime ki te pi byen pase nan sware a.

Bélizaire Raphaël (Rafa) | bélizaire30@yahoo.fr

 

Charlin Bato Live Performance in Montreal | On HMi PPV – Download the App to watch it 

https://www.hmippv.com/featured-category/videos/charlin-bato-live

Harmonik Live Performance in Montreal | On HMi PPV – Download the App to watch it 

https://www.hmippv.com/featured-category/videos/harmonik-live

Oswald Live Performance in Montreal | On HMi PPV – Download the App to watch it 

https://www.hmippv.com/featured-category/videos/oswald-live-1

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »