Connect with us

NEWS

TANIA LIGONDE RETIRE KÒ L NAN ESTAF MANAJMENT DJAKOUT # 1

Published

on

Nan yon nòt ki pa gen dat li mete deyò, Tania Ligonde ki te manadyè Djakout #1 bò kote Jean Marc Lubin tout moun konnen sou non “Ti-Marco M&S”, anonse li fè yon kanpe sou wòl komanadyè li t ap jwe nan Djakout #1 pou l al mennen lòt aktivite epi fè lòt tyalennj. Apre 25 lane li pase ap kolabore ak ekip dyaz peyi, a ansyen manadyèz la di misyon li rive nan bout e se avèk gro lapenn nan kè li l ap di kolaboratè li yo orevwa.

Toujou dapre nòt la,Tania fè konnen eksperyans li ak ekip Djakout la se te yon bagay ki te pèmèt li aprann anpil epi devlope bonjan rapò moun ak moun ak yo.

“Mwen aprann anpil de eksperyans sa, non sèlman sou plan pèsonèl mwen, men tou sou plan profesyonèl nan kontak mwen te gen avèk nou chak nan dyaz la, apre anpil bèl ak gro projè nou te rive reyalize ansanm. Mwen p ap janm bliye bon moman mwen te pase ak nou chak nan dyaz la mwen te konsidere tankou yon fanmi”

Tania kontinye pou l di li trè fyè dèske li kontribiye nan konstriksyon gro patrimwàn mizikal sa ki se Djakout#1.Pilwen, li mande ansyen kolaboratè li yo pou yo rete janti, sensè epi lwayal youn anvè lòt,pou yo kwè e kontinye travay annekip, sa kite sèl fòs yo, paske yon sèl grenn moun poukont li pa fè yon senfoni, se tout yon ekip ki rive fè sa.

Ansyen Manadyèz la kontinye pou l di men m si li separe ak ekip la men l ap toujou rete ak Djakout #1 nan kè li ; absans li pa gen dwa fè yo pè ni febli nan travay yo gen pou yo kontinye fè.

Li fini pou l remèsye fanmi li ki te toujou sipòte l pandan pakou li nan estaf manajment lan.Li di ansyen kolaboratè dirèk li yo : Ti Marco M&S ak Grégory Prophète li pa gen mo pou l di yo jan li rekonesan anvè yo pou bonjan rapò ak kolaborasyon yo te devlope ansanm.Li di tout rès mizisyen yo : Roro, Pouchon, Mamane, ak Ti-Pouch, san l pa bliye Tu Régi ak Shaba, li vrèman dezole pou desizyon sila li pran.Li profite voye gwo bizou pou Polo, Didi, Naken, Tasia, Cliff, Ti Wes, Guy Beauvil ak tout lòt mizisyen ki te travay ak yo.

Li pat bliye voye gro kout chapo pou fàn enkondisyonèl li yo, promotè li te toujou konn trete ak yo epi medya yo ki toujou konn sipote l ak ekip la pandan 25 lane sila.

“Mwen trè kontan e mwen vrèman rekonesan poutèt mwen te fè pati gro bout fanmi mizikal sa kise Djakout# 1
Mwen swete nou kontinye sou menm rout la”
Se konsa Tania Ligonde fini nòt li a.

Bélizaire Raphaël (Rafa)
bélizaire 30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »