Connect with us

NEWS

ENPOSIB, Sou Yon Trè Movèz Pant 

Published

on

Depi kèk tan, gen anpil rimè k ap sikile nan medya ak sou rezo sosyo yo sou gro van divizyon k ap soufle andedan group Enposib. Sa ki vle fè kwè dyaz la ta sou wout pou l kraze.

Ekip Medjy Toussaint ap mennen bak li a kòm sèl kòmandan abò a, pa ta rive mete yo dakò sou yon nouvèl estrateji chantè vedèt Enposib la ta anvizaje pran andedan dyaz la. Medjy ki sanble kanpe sou bit fè plis lajan nan makèt la, deside aplike yon nouvèl estrateji k ap pèmèt yo chanje filozofi dyaz la. Medjy pa vle antre nan lojik programe dyaz la ankò chak fwa, tout kote, jan tout lòt dyaz yo ap fèl la.Chantè a ki t ap reponn kesyon Guy Webern Guerrier (Guy Wewe) nan yon entèvyou li te bay animatè a, kèk jou sa, te deklare olye l ap mache jwe bal k ap fè ant 500 à 600 moun chak fwa, li prefere fè youn ou 2 konsè pandan ane a k ap reyini tout moun sa yo yon sèl kou, e k ap pèmèt group la fè plis lajan tou. Yon mezi, dapre sa li eksplike, ki t ap pèmèt yo prezante yon pi bèl cho ak espektak dekalite ki sanble ak gwo Event ki konn abitye fèt nan lòt gwo makèt sou sèn entènasyonal la.Yon bagay ki ta parèt lojik nan je anpil moun, men k ap gen gro enpak sou rès dyaz la, lè n konsidere majorite mizisyen yo se gigè yo ye, kidonk se sou pèfòmans dyaz la yo touche, chak lè li jwe.E se desizyon sa, yo pa rive antann yo sou li, kita sou rout pou mete divizyon nan mitan dyaz la, kote chak moun ta sou rout pou fè chemen pa yo.

Dayè, Medjy pa kache entansyon li genyen pou l al fè karyè solo li.Entèprèt “Defo” a gentan anonse albòm solo li pou ane 2023 a.

Selon tout vrèsanblans, group nouvèl jenerasyon a, jan yo rele tèt yo a, ta sou rout pou l kraze.Enfòmasyon ki rive jwenn nou fè konnen gen kèk mizisyen ki ta deja kite dyaz la, men pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki sòti andedan dyaz la sou sa, ni sou sa k ap pase pou kounye a nan mitan ekip la.

N ap raple, group Enposib kreye nan peyi Kanada nan lane 2012 avèk Medjy Toussaint e Patrick Cavé, 2 ansyen mizisyen yon ansyen jèn group alepòk kite rele TNT. Ant lane 2014 e 2015, yo te deside al enstale yo definitivman ann Ayiti.Depi lè a, yo t ap al kreye pwòp chemen yo epi jwenn plas yo nan makèt la.Gras ak estrateji yo te mete anplas, yo te rive enpoze yo nan sektè san tròp gro difikilte, sa anpil lòt dyaz pa rive fè ak fasilite nan etyèmay la. Yo gen yon estil mizik ki senp e orijinal ki fè yo pa sanble ak okenn lòt dyaz.Nan epòk yo t ap demare a, yo te jwenn bourad 2 mizisyen Carimi nan epòk la Richard Cavé ak Michaël Guirand. Se Fito Farinen, manager Carimi alepòk ki te dekouvri mesye yo e ki te wè nan yo yon jenn dyaz ki gen yon bèl avni sou sèn mizikal la.

Pa gen anpil jenn dyaz ki rive fè sa mesye sa yo fè nan etyèmay la.Group la sòti premye albòm li kite rele “CHAY” an 2016 e li t ap al pran vitès kwazyè li nan lane 2017.Yo sòti mizik “Defo” nan lane 2018 ak “Bat dadaw” an 2019 avan yo lage ofisyèlman 2e albòm yo “kamasutra” nan lane 2020. Siksè mizik sa yo ak tout albòm nan t ap al fè Enposib se dyaz nan jenerasyon pa l la ki jwe plis epi kifè plis siksè pandan 3 denye ane yo andedan tankou deyò peyi a.

Kounye a, kisa k ap rive si mesye yo pa rive jwenn yon antant antreyo ?

Ekse dyaz la ap toujou rete ak tout mizisyen yo ?

Èske nou pral jwenn yon Enposib san Medjy Toussaint ?

Osinon,

Èske nou pral jwenn Medjy Toussaint an solo, pou kont li ?

Yon dosye n ap suiv !

Bélizaire Raphaël (Rafa)  | bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »