Connect with us

NEWS

Bedjine: Yon Grenn Zetwal kap file nan Endistri Mizikal Ayisyèn nan

Published

on

Depi kèk tan biznis mizik la nan peyi Dayiti pa ka plenyen de kalite fanm li jwenn nan koze fè mizik nan sektè a pou kontinye leve kilti nou pi wo toujou.

Li gen 23 lane e li deja poze sele l sou biznis mizik la, non l se Marie Bedjine Love David ki gen non atis li Bedjine.

Pandan pasaj li nan Chokarella jou ki te 26 fevriye ane sa, Bedjine tap eksplike pakou li pou li rive atis li ye jodi a. Bedjine se yon jèn fanm ayisyèn ki gen anpil talan e ki kwè nan talan li, jan li toujou di l. Daprè sa li di li kòmanse chante depi tou piti men li demare karyè mizik li pou tout bon nan lane 2016 bò kote kèk lòt atis. Se vre karyè li demare ofisyèlman nan lane 2016 men li te kòmanse fè mizik avan sa, malgre mizik sa yo pat fè twò gran siksè sa pat anpeche jèn chantèz la kontinye travay pou li reyalize rèv li. 

Nou jwenn Bedjine bò kote Fantom nan kèk bèl konpozisyon tankou “ prezantasyon alèkile” , “fanm mwen renmen”, “lèt de blam”. Men nan lane 2019 nou ta pral jwenn yon Bedjine ki kòmanse grandi plis bò kote Kadilak nan yon mizik ki rele “fo pwomès”. Apre mizik sa ki konnen anpil siksè Bedjine santi fòk li kòmanse vole pou kont li tou, li gen tan gen atansyon piblik la kidonk soti mizik pa l pou l jwenn plis plas nan biznis mizik la pap yon move lide konsa nan 2020 an atis la lage “ va t’en bb”. Atis la kòm fanm prete vwa l pou di NON ak tout kalite vyolans kap fèt sou fanm nan sosyete nou an. Li chante yon fason pou l di medam yo yo pa dwe rete ap sibi vyolans sou nenpòt fòm li ta prezante a. Malgre mizik sa soti nan moman kowona tap fè ravaj la sa pat anpeche fanatik yo apresye l e nan menm 2020 sa Bedjine ta pral frape ankò ak “kita nago”. Mizik sa yo konnen anpil siksè e jouk kounye a yo kontinye ap fè chimen yo.

Jounen jodi a nou gen yon Bedjine ki gen anpil matirite, ou ta ka di li plis konsyan de kapasite l. Vwa li, abiman li, prezans li sou sèn pa ka pa ba w plezi gade l e tande l menm si rad ki sou atis la konn soulve pale anpil bò kote kèk moun. Nan menm kontèks sa, Guy Wewe te pote ide pa l pou Bedjine nan sak cho nan dat 18 janvye kote li te konseye atis la pa vann sa yo pa mande l achte paske pou Guy piblik la renmen atis la pou talan l, vwa l ak kapasite chante l, se te konsèy Guy Wewe . Konsa gen anpil lòt moun ki renmen wè atis la ak tout sa ki sou li dayè atis la gen bèl kò daprè yo. Lesansyèl atis la santi l byen nan po l e sa pa retire sou talan l. << yon atis pa oblije menm jan ak yon fanatik, mwen pa ka pa mete yon rad pou fanatik chak rad gen moman pou w mete yo e mwen pa sèl atis ki mete rad seksi>>, se konsa Bedjine tap di Carel sa l panse sou sa.

Apre “Kita nago” Bedjine ta pral fè plis bri toujou bò kote Kadilak ak mizik “pouki n te marye” a yon mizik jounen jodi a nou ka rele im nasyonal alèz e gen anpil bagay nan wout toujou daprè atis la. Li gen yon videyo mizik pa l li pwomèt fanatik yo, li gen yon mizik ak yon gwo atis ki nan wout menm si li sere sa kòm sipriz e sou rezo sosyal yo nou ka remake li nan kwizin ak Kadilak pou yon mizik ki rele “gad jan gason engra”.

Bedjine tankou anpil lòt atis montre a klè travay, disiplin ak pasyans pa ka pa pote bon fwi e atis la konsyan li te dwe pase tout moman difisil yo pou l te ka kote li ye kounye a. Pawòl atis la gen anpil motivasyon ki ta dwe ede sa kap vini yo trase chimen pa yo: << chak moun gen moman pa yo, se vre li pap vin jwenn ou tou si w pa chèche l men chak moun gen tan pa yo. Mwen pa panse li difisil pou yon atis atenn objektif li si sa poko rive se yon travay espesyal ki poko fèt. Pa sispann travay, siksè a pa lòt kote>>, pawòl atis la.


Guirlande B. St Hubin | @guigui_landy

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »