Connect with us

SPOTLIGHT

Li Paka Konsa by Defi ft Andrew Guillaume

Published

on

Miami, FL., 25 janvye 2022 – Avan li parèt tout kòl sou sèn mizik ayisyèn nan, nouvo gwoup, Defi pwan plezi pou l prezante premye single li ki gen pou tit “Li Paka Konsa” ak tout videyo li.

Single “Li Paka Konsa” se yon mizik sosyal ke Elie Lapointe, ansyen gitaris, Djakout Mizik la ekri ak pwodui. Anrejistre nan estidyo, Best Definition Studio, nan Fòt Lodèdale epi Andrew Guillaume chante. Mizik sa se yon kri pou ayisyen pwan konsyans de tout sa kap pase nan”Pèl dè Zantiy” (Ayiti) lan. Mizik sa denonse atitid pouwyanis konpatriyòt nou yo nan koze peyi nou. Mizik la mande aktè sosyal yo pran pozisyon pou yo rive reyalize chanjman ki nesesè pou Ayiti vanse. Andrew te vin ak lide dèyè mizik sa paske li te panse li enpòtan pou l pale de sa k ap pase sou tèritwa ayisyen an. Pou chantè a, “atis yo gen yon responsablite sosyal devan piblik la, kidonk yo pa ka rete an silans sou sa k ap pase lakay”.

Kèk ti enfòmasyon sou Andrew

Andrew fèt nan Saint-Marc, Ayiti, 24 Mas. Lèl te gen anviwon 11-12 an, atis la kite Ayiti pou li al viv New Jersey, ki nan Ozetazini. Ozetazini te tounen youn lakou rekreasyon pou Andrew. Apwe kèk ane, Atis la kite New Jersey pou li al viv Atlanta. Li vwayaje nan kèk lot eta anvan li ateri nan Florid, ki se kote li rete kounye a.

Andrew te antre nan sèn mizik la kòm yon saksofonis. Menm lèl te geyen ampil lanmou pou enstriman sila Andrew te toujou vle chante. Atis la vinn pran ampil eksperyans nan endistri an nan renkont li ak Boogiemix, Darbens ak nan plizyè lòt gwoup lokal li te konn jwe. Andrew te fe yon ti tan nan gwoup 5 Etwal alantou 2008-2009. Eksperyans sa nan gwoup la, te pouse l kreye pwòp djaz pa l ki te rele, Feedback nan lane 2013. Feedbak te a rive nan sis ane egzistans li lage yon album ki te rele “Detèminasyon” ak 2-3 videyo. Men apwe kèk lane gwoup la vire do bay endistri a. Andrew te chwazi pwan yon tirepo ki te nesesè pou li, jodiya li tounen nan HMI la pou l leve dènye DEFI a.

Pou nenpòt enfòmasyon sou Andrew ak gwoup li an Defi, pa ezite swiv chantè a sou rezo sosyal li yo @andrewguillaume @defiband. Videyo mizik “Li Paka Konsa” ap disponib pou piblik la sou chènn YouTube gwoup la. Vèsyon odyo mizik ap disponib li menm sou tout platfòm mizik yo tankou iTunes.

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »