Connect with us

MUSIC

Fòmasyon mizikal K-niway jwenn viza Ameriken

Published

on

Apre kat (4) lane ap goumen ak djaz li, Kenny Desmangles fondatè gwoup mizikal K-niway finalman jwenn viza ameriken pou vwayaje al pèfòme nan lakou lòt bò dlo.

Kenny Desmangles, chantè, konpozitè, aranjè pou n site sa yo sèlman te deside kite Etazini pou l vin ensatale l lakay li nan lide pou l te vin fonde pwòp djaz li ak jèn talan sèlman. Yon pwojè anpil moun pat apiye e te menm kalifye de foli sitou swit ak sa Kenny fè nan biznis mizik la deja. Daprè moun sa yo, kolabore ak gwo zotobre pou fè djaz sila a tap fè plis sans.

Nap raple Kenny D. gen yon pase chaje tankou legba nan sa ki gen pou wè ak mizik: New York all Stars (1 albòm), 509 (2 albòm), Zenglen (2 albòm) e li fè mizik pou plizyè lòt atis tou kidonk sa tap pèmèt li entegre rapid vit nenpòt gwo djaz. Dayè, anpil gwo ak bèl òf te tonbe men daprè atis la rèv li yo te pi gran pase sa toujou.

Konsa, nan mwa novanm lane 2017, Kenny akouche K-niway jan li te swete l la. Yon djaz ak jèn talan sèlman. “Mwen te reyalize gen anpil jèn talan kap viv Ayiti men ki manke ankadreman, olye pou m te fè yon djaz ak mizisyen ki gen non deja mwen te chwazi pito jèn piblik la poko konnen ditou pou m mete pwojektè a sou yo. Se pou rezon sa a menm, daprè Kenny, K-niway fonde.

Pou chantè vedèt K-niway la, vwayaje ak djaz la vle di anpil pou li ak rès gwoup la. Vwayaje epi ekspoze jèn talan sa yo nan nivo entènasyonal se te yonn nan rèv ki te la depi nan kòmansman, sa vle di se yon gwo pa nan chimen K-niway gen pou l fè a.

Pandan yap travay pou prepare toune ki gen pou fèt Etazini nan jou kap vini la yo, djaz la pa neglije travay sou yon mizik ak tout videyo yo gen pou soti si sa posib avan menm toune a fèt e kontinye tou ak lòt mizik yon fason pou prepare dezyèm albòm K-niway.

Kenny pa ekate posiblite pou djaz la ta rete baze Etazini apre 2 mwa toune sa ki gen pou fèt la, menm si sa pat nan lide l. Nou tout konsyan de kijan ensekirite a ap fè ravaj lakay nou e mizisyen K-niway yo gen anpil responsablite kidonk fòk yo travay sitou apre kat (4) lane ap sipòte an plas moman difisil peyi a ap konnen yo.

Depi wap travay, ou gen disiplin, detèminasyon ak pasyans yon jou kanmenm wap jwenn rekonpans. Nou swete viza sila se twòkèt la pou K-niway, chay la ki se rès rekonpans yo ap vini chak jou ki jou.
Gbsainthubin@gmail.com

 

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »