Connect with us

NEWS

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

Published

on

Dimanch 17 avril 2022 a, apre anpil gwo difikilte, mayestwo Arly ak fòmasyon mizikal li Nu Look mete dife nan “Olympia de Paris” yonn nan sal anpil djaz ayisyen ta renmen pèfòme anndan l.

Plizyè fwa anonse, plizyè fwa repòte, yon konsè pou selebre 22 lane Nu Look ak 27 lane karyè pwofesyonèl Arly Larivière finalman rive fèt ak yon Nu Look ki oblije pati kite dèyè 4 nan mizisyen l yo akoz mesye yo pa ta jwenn viza. Anpil kè sote bò kote kèk fanatik men konsa tou anpil lòt te rete konfyan, yo te mize sou mayestwo Arly ki pwouve yo yon lòt fwa ankò yo ka fè l konfyans.

Yon “Olympia” debòde ak moun, yon Nu Look kap jwe konpa, yon Arly kap chante, kap danse sou sèn nan tankou nan piblik la, yon foul moun ki te swaf sa, yon defi ki leve. Mayestwo a tonbe nan konpa li leve nan konpa pi rèd, sanble pi wouye pi koupe vre. Ou ka pa fanatik Nu Look, se yon chwa men bay seza sa k pou li. Nu Look triyonfe e viktwa sa pa sèlman pou yo ak fanatik yo men pou tout fanatik konpa alawonnbadè.
Konpa souke Pari, Nu Look tranble “Olympia” kreyòl chante, drapo n flote, King Arly dedouble. Antouka yon “king” rete yon “king” menm si l otopwoklame.

Dimanch pak sa a, 17 avril sa a se yon dat ki ta dwe antre nan achiv e ou pa menm bezwen mande fanatik Nu look antre l nan memwa yo. Se yon lòt dat istorik pou konpa a kote King Arly Larivière ak djaz li genyen pari a nan “Olympia de Paris”.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »