Connect with us

MUSIC

Batè T-VICE la Leovins Mathurin Yon Jèn ki Trè Pwomèt

Published

on

Vandredi 4 mas ki sot pase a, te gen yon konfwontasyon bal ant T-VICE ak fòmasyon mizikal EKIP nan lakou New York nan Melrose Ballroom, yon match ki pote fwi pou tou de djaz yo. Men pou fanatik Vice la fòk ou di “T-VICE wonfle EKIP” menm si se yon rezilta ou te ka wè davans. Antouka, nou ka konprann sa paske yo tap soufri depi yon bon ti bout tan deja kidonk ni yo ni djaz la te bezwen sa.

San pran souf, T-VICE pote yon pèfòmans an dirèk sou rezo sosyal yo jou ki te 8 mas 2022 a. Espektak sa a pèmèt plis moun dekouvri avèk plis atansyon toujou albòm MAJESTIC la epi tou mizisyen yo. Se pa pou san rezon, apre pèfòmans sila a chak moun ap pale de yon mizik oubyen yon mizisyen ki kapte yo pi plis toujou. Pami mizisyen ki atire plis atansyon nan djaz la, Leovins ki se batè a se yonn ladan yo.

Leovins Mathurin se yon jèn ki gen sèlman 23 lane sou tèt li. Li fèt Etazini (Orlando Florida) men li grandi Monreyal. Li kòmanse jwe batri sou asyèt lè manman l ap fè manje, sa ki pat konn deranje manman l ki li menm tou te deja nan mizik. Lè Leovins vin gen 7 lane li te gentan kòmanse jwe nan legliz papa l ki se yon pastè, se konsa papa l vin voye l nan kou mizik. Leovins te toujou ap gade mayestwo Ritchie, Roro ak Dadou Pasquet.

Rankont Leovins ak T-VICE fèt nan lakou Monreyal pandan djaz la te vin jwe, jèn batè a te tou pwofite fè yon ti demonstrasyon. Konsa, apre ansyen batè a fin ale Tchoukito ki se chantè, gitaris nan djaz la pat ezite kontakte Leovins.

Pandan anviwon 3 a 4 mwa nan djaz la, nouvo batè a pa kache satisfaksyon l. “Nou se yon fanmi epi djaz la respekte kontra a, mwen jwenn tan pou m etidye e pou m pratike”. Se sa etidyan an Radiology diagnostic la rakonte n.

Daprè Leovins, li pote frechè nan djaz la, li vin pou l destrese moun nan bal yo nan mete bon jan animasyon sou batri a pandan lap byen jwe. Li pa bay sèlman men li resevwa anpil tou nan men djaz la sitou limyè pou karyè mizikal li.

Leovins Mathurin estime se yon gwo bagay pou li pou l pataje sèn mizikal ak T-VICE. “Lè m te timoun, mwen te toujou ap gade nèg yo kap jwe. Mwen te toujou renmen mayestwo Reynaldo, mwen te konn di mwen ta renmen fè sa lap fè a pandan map jwe batri”.

Apre batri, batè a jwe gong tou. Li renmen espò anpil dayè li jwe foutbòl ameriken nan kolèj Monreyal e li se yon gwo biznismann tou.

Leovins konseye tout jèn ki renmen mizik pou yo mete disiplin, respekte tèt yo men sitou ale lekòl, aprann yon metye pou fè kòb avan ou antre oubyen pandan w nan mizik.
Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »