Connect with us

Home

ANPIL BÈL EVÈNMAN POU MAKE DIZYÈM ANIVÈSÈ KLASS

Published

on

Dis lane deja depi fòmasyon mizikal KLASS ateri nan endistri mizikal ayisyèn nan. Depi lè sa djaz la pa sispann pote plezi pou fanatik yo ak pou tout melomàn.

KLASS deja reyalize anpil bèl bagay nan biznis la pandan dis lane egzistans li a. Pami sa djaz la reyalize, nou jwenn 3 bèl albòm: “Fè l Vini Avan” 2013, “Fè l Ak Tout Kè w” 2016, “Ret Nan Liy Ou” 2019. Nou ka remake chak 3 lane djaz la sèvi yon pla cho byen prepare, se yonn nan rezon dayè ki ogmante atant pou yon katriyèm albòm. Yon atant ki ka kontinye pou yon ti kras tan ankò, sa ki sèten albòm nan ap vini e pandan nap tann, KLASS ap ba nou yon goute kanmenm avan sa.

Depi kèk jou, nap swiv pwomosyon 10 lane kreyasyon djaz la e se yon kesyon de 10 sou 10. Ebyen 10 sou 10 la pa yon senp eslogan, li fè pati de nòt djaz la. Daprè manadjè Hervé Bastien KLASS fè 10 sou 10 nan ponktyalite, pèfòmans, frechè, elatriye menm si manadjè a konsyan de kèk fay ki te genyen nan kòmansman chimen an men erezman sa ki pat pran tan pou te korije.

Dis lane sa pral selebre an gran jan, daprè sa manadjè a fè kwè. Se pou sa, ap gen aktivite sou tout rès ane a. Fèt la ap demare samdi 23 avril 2022 a nan mitan vil Miami, Fl nan lokal Hyatt Regency Hotel. Jou sa a, se ap yon evènman San parèy: kapèt wouj, bèl vès, Kravat, brezo, bèl wòb ap fè kenken, pou repete apre manadjè a. Kidonk, fanatik KLASS ak tout moun kap vin patisipe nan bèl fèt sila dwe kòmanse prepare yo.
Toujou nan kad selebrasyon 10 lane sa a, nap jwenn KLASS Times Square Manhattan nan lakou New York. San l pa vle vante tèt li, manadjè a di se premye djaz ayisyen ki pral pèfòme la. Matinik, La Reyinyon, Pari, Monreyal, Sen Domeng, Dubay elatriye se kèk kote nap jwenn djaz la pou dizyèm nan.

Tout djaz konnen wo, yo konnen ba e sa pa diferan pou KLASS men djaz la toujou itilize obstak yo pou jwenn plis motivasyon. 10 lane sa yo se siksè, jwisans, menm tretman, menm respè, okenn chire pit…se konsa sa ye nan djaz la, daprè manadjè a.

Hervé Bastien rasire tout fanatik djaz la ak fanatik konpa alawonnbadè, <<KLASS pap kraze, li ka diskontinye. Sa vle di mesye yo pap ka jwe tout tan men nou se yon enstitisyon, nap enjekte san nèf ki ka swiv menm direksyon an pandan mayestwo Ritchie, Pipo ak lòt mizisyen yo ap ankadre jèn sa yo e si sa pa ka fèt jan nou ta vle a nap fè bal adye nou epi nou kanpe sa>>. Fanatik KLASS mèt kontan paske djaz lan la pou lontan.

Depi kounya nap kòmanse swete yon bon dizyèm ak fòmasyon mizikal KLASS, tout fanatik djaz la ak tout moun ki renmen bon jan konpa.
Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »