Connect with us

MUSIC

Harmonik lage sizyèm albòm li ki rele “MATURITÉ”

Published

on

Matirite se lè w te pwomèt yon sizyèm albòm epi w respekte sa…antouka se pa sa pwovèb la di men pito “pwomès se dèt” e jodi 25 fevriye 2022 a jan Harmonik te pwomèt sa li pote yon sizyèm albòm ki gen pou tit “MATURITÉ.

Nan lane 2019, Harmonik te lage senkyèm albòm li ki se “RESPÈ”, malerezman menm jan ak tout lòt djaz, Harmonik pat jwenn respè a nan men kowonaviris la. Poutan sa pat anpeche yo kontinye travay, pouse pou pi devan e debake ak “MATURITÉ” an granmoun jan yo menm yo di l la.

Djaz la toujou fè zòrèy ak zye fanatik li plezi, sa ki sanble pa chanje ak sizyèm albòm sa a lè nou founi je gade “pap ka separe” ak “maturite” de (2) mizik videyo ki te deja lage pou anonse albòm sila ak lè nou panche zòrèy nou sou rès onz (11) lòt mizik yo.

MATURITÉ gen plizyè jèn atis sou li tankou: Danola, Pierre Jean, Mechans-T, Trouble Boy ak Vanessa Désiré ki sou vèsyon remikse “Pap ka separe” a. Nap raple “Pap ka separe” te soti jedi 28 oktòb 2021 an ak patisipasyon Jessie Woo men swit ak mezantant ki te vin genyen djaz la ak atis envite a te oblije separe.
Djaz la konnen wo, li konnen ba, sis (6) albòm nan 14 lane, anpil bon son, bèl imaj, bon jan tèks daprè mesye yo djaz la pa gen anyen pou pwouve ankò, yo atenn matirite yo. Nou swete sizyèm albòm sa a fè chimen l e fanatik yo kontinye konprann travay Harmonik nan biznis mizik la.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »