KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » Ki Moun Mwen Ye | Nelson BelGuitar Joseph
SPOTLIGHT

Ki Moun Mwen Ye | Nelson BelGuitar Joseph

konpaeventsBy konpaeventsJanuary 18, 2021Updated:January 27, 2022No Comments4 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

1- Di nou yon ti kras sou tèt ou.
R : Mwen se Nelson BelGuitare JOSEPH, yon jèn kap travail pou avanse ak kapasite profesyonel mizikal li ki anchene ak lanmoul pou mizik ayisyèn lan.
Mwen se Ko-propriyetè, Maestro e Gitaris group ”Panel Compas” ki baze Ayiti.

2- Ki kote ou soti?
R : Mwen fèt Pòtoprens (laplèn) men paranm soti nòdwès (basen ble) e atibonit (tènèv).

3- Ki jan’w fè antre nan biznis mizik la?
R : Mwen antre nan biznis mizik aprè mw fin jije abi yap fèm nan sektè evanjelik la, ki chaje ak ipokrizi epi mw te jwenn yon òf poum te entegre yon jazz epi mwen te fè yon chwa.
Men avan mw tap jwe nan legliz ”Roc Solid, de tabarre”. Hm anpil detay

4- Konbyen tan ou genyen depi’w ap fè mizik?
R : Mw te renmen mizik depim piti men paranm pat ase entelijan pou yo t remake sa, paskem t konn ap fè jwèt gita ak vye bout ”galon ou bidon” mw jwenn epi lèm legliz se sel bo mizisyen yo mw t toujou vle chita.
Mwen vin resi jwenn chans pou rèv mwen reyalize, se an 2010 aprè tranbleman de tè mw jwenn chans poum te ale lekòl mizik nan mwa ”Mas”. Ane a fèm 10 zan kèlke mwa depi map fè mizik.

5- Ki enfliyanse ou nan fè mizik?
R : Mwen gen anpil moun ki enfliyansem nan mizik sitou nan milye kiltirel nou an.
”Maestro Richie, Maestro Arly, Maestro Dadou”, ak kèk lòt gitaris ”Wilson, La porte, Dener, Conde, Makarios”.

6- Sou Ki pwojè’w ap travay, Kisa’w menyen kap vini?
R : Nou tap travail sou album jazz la pandan konfinman an, men konnya nap prepare sesyon prestasyon live yo.

7- Ki denye move eksperyans ou fè nan pakou mizikal ou ?
R : Tout sa ki rivem nan pakou mizikal mw, mwen pa konsidere yo kòm move eksperyans se pito leson yo ye pou mw ki pèmèt mw gen plis matirite.

8- Ki moma ki te pi anbarasan’w pase deja nan pakou mizikal ou ?
R : Lè papam te fè yo metem deyò lakay li pou mizik, sa a te koz se sou ban legliz te konn ap domi mw pat gen lot refuj, alepok mw tap fè filo.

9- Si’w pat Atis ki lòt travay ou panse’w te ka fè?
R : Mwen renmen ”diplomatie, Sce Juridique, Génie Civil et mécanique”.
Mwen tap youn nan yo kanmenm, men li pa janm tro ta, depim jwenn yon bous pou etidye youn map fèl.

10- Di nou Non yon bagay ou renmen, e poukisa?
R : Mwen renmen lavi, paske’l banm obligasyon poum viv e bouske konnen kiyes mwen ye.

11- Kisa’w pi renmen nan afè mizik or kòm yon Atis ?
R : Mwen renmen ekri sam santi ak sam viv.

12- Eske’w leve nan yon Fanmi Mizikal ?
R : Non mwen pa leve nan famiy mizikal

13- Si’w te ka chwazi pou’w te yon Sipè Hero, se kisa’w tap chwazi e poukisa?
R : Mwen tap chwazi tèt poum yon ”fanm” menm si pèp la ka pran sam di a mal, paske premye fanm BonDye t kreye a, te ase fò pou ranvèse mond lan pou kont li, e sa telman vrè kote 1milyon gason ap echwe, yon fanm ap reyisi alò si nonviyolans se lwa limanite ebyen avni mond lan nan men fanm yo.

14- Non yon bagay ou pa renmen, e poukisa
R : Mwen pa renmen pedi tan, paske chak segond ou pase nan viw, swa ou avanse pouw reyisi oubyen echèk depan jan ou travay pandan wap lanmò ap oprochew pi pre.

15- Di nou 2 bagay ou pa ka viv san yo?
R : Mizik, travay.

16- Ki kote nou ka jwenn mizik ou ak plis enfòmasyon de ou ?
Panel Compas Instagram
https://www.instagram.com/panelcompas/
Panel Compas Facebook
https://www.facebook.com/panelcompas/
Panel Compas Youtube
http://www.youtube.com/channel/UC4RJQ9_dipYJ5ko0djDT7Jw
Panel Compas Tiktok
https://vm.tiktok.com/JjFA2ys/
Panel Compas Twitter
https://twitter.com/Nelson290Joseph?s=09

Facebook Comments
nelson josepn spotlight
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleNu Look nan pelerinaj pou jwenn gras fanatik yo apre pèfòmans 3 janvye a
Next Article MEN KIJAN’M SOLO | MEN KIJAN BJWES SOLO NAN DISIP
konpaevents
  • Website

Related Posts

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

ANPIL BÈL EVÈNMAN POU MAKE DIZYÈM ANIVÈSÈ KLASS

March 18, 2022

Batè T-VICE la Leovins Mathurin Yon Jèn ki Trè Pwomèt

March 10, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?