Connect with us

News

Se Pa Pou Dat : Yon Konsè 25-35 Pou Alan Cavé

Published

on

Alan Cavé anonse pwochen konsè li, ki pwograme pou 28 mas k ap vini an nan MGM Music Hall Fenway, nan vil Boston. Evènman sa a pral sèvi pou selebre 25e anivèsè gwo siksè « Se pa pou dat » la, ansanm ak 35e anivèsè karyè chantè a.

Se yon gwo randevou Alan Cavé pran ak fanatik li yo : konsè 25|35 la. MGM Music Hall la pral tranble anba anbyans fèt, paske de gwo moman enpòtan pral selebre an menm tan. Yon sèl kout, de viktwa : 25 lane depi mizik « Se pa pou dat », youn nan pi gwo siksè Alan Cavé, epi 35 lane karyè li.

Se pa pou dat, mizik tout moun konnen e chante, kit an Ayiti kit aletranje, te soti an 2000. Apresa, li te antre nan premye albòm solo Alan Cavé ki pote menm non an, ki te lanse an 2001. Albòm sa a te make pasaj li soti nan gwoup Zin pou antre nèt nan yon karyè solo. Se te yon gwo chanjman nan lavi atistik li, ki san dout te ede fè l tounen lejand li ye jounen jodi a.

Pitit gwo powèt Syto Cavé, Alan te grandi nan mitan atizay. Li te lanse tèt li nan mizik nan ane 80 yo ak gwoup Zin. Avèk gwoup sa a, chantè a ki wè jou 27 fevriye 1966, nan New York, te patisipe nan plizyè albòm, pami yo O Pa (1988) ak Kanpé sou yon bit (1999).

Pou konsè sa ki deja ap fè kè fanatik mizik yo bat fò, tikè yo deja disponib an prevant depi 12 janvye sa. Vant piblik la ap kòmanse 4 jou apre. Se yon selebrasyon merite, yon konsè ki pwomèt pou l rete grave nan memwa tout moun, pou yon atis ki ap toujou rete nan listwa.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW