MUSIC
Bedjine pa gen foli renmen

Mèkredi 24 mas 2026 la nan 7è aprè midi, ekip Bedjine lan, apre yon ti tan silans, pwopoze nou foli renmen. Mòso sa ki vini nan yon peryòd karèm, kote endistri mizik la bezwen plis nouvote. 4 minit ak 3 segonn, tou videyoklipe, foli renmen deja ak 884 mil kout je sou youtube nan moman n ap ekri atik sa a.
Òdinèman, menm si se moun ki ta ekri yon mizik pou Bedjine, men, nou toujou wè nan mizik li chante yo, yon moun ki apwoche lavi oswa lanmou ak yon ego byen madre. Ak yon fyète wonnpòte. Ke l te nan “koupe m sa”, “m ap ret ak tèt mwen”, “fanm trantèn”, “tout va bien” ak plizyè lòt.
Mwen renmen tande mizik moun ki abòde lavi a konsa ak fòs epi konfyans. Se egzateman sa nou viv nan foli renmen. Yon fanm eksperimante ki konnen tout pwès relasyon santimantal ka pote, epi ki deside kanpe de pye militè li pou bloke lanmou. E nan refren mizik lan, lanmou pa sèlman tonbe sou yon blokaj men tou, yon kè dasye.
“Renmen
M pa gen foli renmen
M pa gen foli renmen
Si pa pòt kè m poko frape”
Atis la kontinye chante. Li di :
“Dèfwa w chwazi
Sou emosyon sa kè w bay refi
Konnen lanmou tankou gazolin
Li ka pete l eksploze
Yon senp neglijans ka fè yon kè pran dife”
Nan ekspresyon popilè a, lanmou sanse pote tout chay yo sou do li. Se Olivier Duret ki te f on mizik pledwari pou genyen yon tribinal lanmou. Chak moun ki brize voye dwèt sou li. Vrè koupab yo toujou la men se lanmou ki toujou viktim. Alòske lanmou gen tout sa ki bon yo nan li.
Nan foli renmen, Bedjine manyen tout kontou yo, sa ki fè li p ap pote boure nan renmen. Pi plis toujou, li g on konfyans tèt chaje nan tèt pa li pou l pa likide kè l bay asayan.
“Chalimo dekore vè men li pa osi enpòtan ke sa”
Punchline sa a antre nan demach kèk kategori feminis ki souvan wè gason oswa lanmou kòm yon senp detay. Si l genyen l se byen, si l pa genyen l, se pa grav non plis. Nan yon mond kote anpil fanm pwal jene ak foto gason, bay 17 ne kay oungan oswa mache poste sou tout rezo sosyal pou fè kanpay pou menaj yo. Bedjine chwazi kontrè a li menm. Si w la se byen men ou pa endispansab.
Bedjine pa inik fanm ki genyen yon posti konsa. Dayè Rutshelle ak Vanessa chante “M ka jwenn yon lòt”, Melly Singers chante “Pran men w”, Vanessa fè “ou t ap ri m”, Anie soti “leave me alone” epi Darline Desca te fè DDSKA.
Mizik pa sèlman pran yon bit epi di nenpòt bagay sou yon melodi. An 2026, nou apresye efò entansyonalite chak atis pou enspire jenès la nan kèlkeswa tematik k ap trete a (ekriti enklizif). Kote pwa rezo sosyal la ap devalorize fanm epi mete fokis sou yon bann kontni k ap fè reklam pou sibè asèlman, se moman pou atis fanm yo ranmase fòs yo, ak plis entèlijans, pou vann yon naratif ki plis akseptab sou rapò gason dwe devlope ak fanm sitou nan sa ki gen pou wè ak relasyon lanmou.
Foli renmen fini sou yon pant satirik.
“Mwen sèmante
Anmwey, anmwey
Depi m damou m dedouble
Li pa fasil pou m louvri pòt kè m lè l verouye
Mwen jalou
Depi m damou m dedouble
Se sa k fè kè m mal pou l vibre
Mwen sèmante devan Bondye
Depi m damou m dedouble
Se sa k fè
M pwal fouye dwèt nan je lanmou”
Atis la vle lanmou avèg, pou l pa janm wè l. Olye l al dedouble apresa pou l brize, li pito rete ak tèt li ki pa yon move chwa.
Nou envite w al konsome mizik sila sou tout rezo streaming yo. Apresye chak detay nan mizik la. Imansite videyo a ak enèji ekip Bedjine lan degaje pou ba nou sa.
You must be logged in to post a comment Login