News
Yon Kalandriye Plen Kou Ze pou Zile Soti Fen Fevriye rive Avril

Gwoup Zile rann piblik kalandriye l ki valab pou fen fevriye a epi mwa mas ak avril. Plizyè dat prevwa, pifò Etazini ak youn sèlman Ayiti.
Rete sèlman 2 dat pou mwa fevriye a. Zile ap pèfòme 21 fevriye sa nan Jacksonville epi l ap nan Campaign Kick-off dènye jou nan mwa a.
An mas, gen 5 dat ki prevwa. L ap kòmanse nan Fort Myers 6 mas avan l al jwe bal tout moun ap tann nan 7 mas, nan Truth Lounge, Miami, ak Rutshelle. 15 mas, Zile ap desann Ayiti pou l pèfòme Fò Libète.
Pou tounen l nan peyi Tonton Sam nan, gwoup la ap jwe 2 fwa pou fèmen mwa mas la : 21 nan Orlando epi 28 nan TBC.
Avril la pi byen ranpli avèk 6 dat ki nan previzyon yo : West Palm (3 mas), TBC (4 mas), Paris (11 mas) ak Tabou Combo epi Antonny Drew, North Carolina (18 mas), Boston (24 mas) epi New York (25 mas) avèk Klass.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login