News
Pipo Saint-Louis : « Shoubou Se Yon nan Moun ki Mete Konpa Dirèk la sou Map Mondyal la »

Pipo Saint-Louis : « Shoubou fè pati de moun ki mete konpa dirèk la sou Map mondyal la »
22 mas 2026 la, se ap soti ofisyèl yon dokimantè sou Shoubou ki titre « Les immortels – Shoubou ». Se Pipo Saint-Louis ki reyalize l nan kolaborasyon ak Robenson Lauvince. Nou te fè yon chita pale avèk Pipo ki t ap di mo pa l sou travay sila a.
– Kisa ki te motive w reyalize dokimantè sa sou Shoubou, e ki enpòtans ou panse istwa li genyen pou mizik ayisyen an ?
R : Motivasyon an se pasyon m pou mizik ayisyen an, pou konpa. M panse gen anpil enfòmasyon jèn yo pa genyen epi g on sosyete ki bliye vit moun ki travay pou yo. « Les immortels » se yon pwojè pou mete an evidans moun ki te travay pou kilti ayisyen an e ki kite anprent yo k ap sèvi gid pou jenerasyon kounya ak sa k ap vini yo.
Se yon travay memwa sou yon seri pèsonalite ki tounen senbòl ak tan an, ki travay pou sa. Ide a se fè yon travay edikasyon, fòmasyon pou n rekonsilye jèn yo avèk istwa yo epi pase yo.
– Pandan rechèch ak reyalizasyon dokimantè sa, ki temwanyàj ki te plis frape w ?
R : Gen temwanyàj ki entèresan. Gen Fabrice Rouzier ki t ap rakonte sa sa vle di lè ou mizisyen sou sèn avèk yon atis tankou Shoubou. Se yon atis ki enspiran pou menm moun k ap jwe avè l. Si m baze m sou temwanyàj sa, nou ka wè nan ki nivo Shoubou kapab enpakte non sèlman piblik la men tou mizisyen k ap jwe avè l parapò ak yon dimansyon ki prèske espirityèl. Sa make m.
Anekdòt moun tankou Capi oubyen Smith Jean-Baptiste bay nan dokimantè a mete an evidans pèsonaj la. Se yon pèsonaj senpatik, senp, taken epi ki gen kapasite pou l pote bon imè depi l nan yon espas.
– Ki defi w te rankontre pandan pwosesis la ?
R : Defi a se te jwenn enfòmasyon ki fyab, paske chak moun rakonte w istwa a yon jan. Pafwa chak moun fè l an fonksyon de rega pa yo, enterè yo, sa yo vle fè pase. Rive degaje laverite nan kèlkeswa dokimantè w ap fè an Ayiti difisil. Pi gwo difikilte a se jwenn enfòmasyon, jwenn imaj paske n pa fò nan konsève imaj. Epi jwenn temwanyàj ki reyèl, ki pa reflete opinyon pèsonèl yon moun.
– Nan opinyon ou, ki pi gwo kontribisyon Shoubou pote nan evolisyon konpa a ak nan kilti ayisyèn an ?
Shoubou fè pati de premye moun, avèk Tabou Combo, ki pral mete konpa dirèk la sou “Map” mondyal la. Li vin yon modèl pou karayid la epi tou yon modèl pou konpa dirèk la. Se yon senbòl ki make plizyè jenerasyon, pa ayisyen sèlman. Pi jèn li te deja gen yon valè referansyèl, a mwens ke 30 lane. Se te yon modèl pou Matinik, Gwadloup, Lagiyàn.
Li enspire anpil atis, metòd animasyon li enfliyanse anpil moun, donk li gen yon gwo kontribisyon. Konpa ayisyen ki rantre nan patrimwàn imateryèl UNESCO a, Shoubou travay pou sa. Shoubou ak anpil lòt se te pyone ki pral fè konpa dirèk la vin sa l ye jodi a. Wòl nou jodi a se gade kisa n ka fè pou n ranfòse travay jeyan sa yo pou mizik ak kilti ayisyen an.
– Kisa w ta renmen jèn jenerasyon an aprann oswa konprann apre yo fin gade dokimantè sa ?
R: M ta renmen jenerasyon jodi a aprann e konprann, kiltive imilite, konprann fòs travay. Lè w gade kote Shoubou soti, Pòdpe, ak tout difikilte li rankontre, se anpil ane travay ki vin ba l pouvwa l vin genyen an. Se konsistans, se travay, onètete ak tèt li paske se yon moun ki antre nan yon pwosesis pèfeksyon nan domèn ekspètiz li, li grandi ane apre ane.
Lavi se yon eskalye, se mach apre mach pou w monte l. Shoubou ilistre sa, e se sa pou jenerasyon jodi a konprann. Ou pa leve tou bon, se travay pou w atenn pèfeksyon an ki se yon kèt pèpetyèl. Lè w vle tout bagay fasil pou ou, epi w ap plenyen tout lajounen san w pa pwopoze anyen… pyone tankou Shoubou montre lè w travay, lè w gen disiplin, g on rekonpans w ap jwenn pi devan.
Se sa m ta swete yo aprann lè yo fin gade dokimantè a, men sitou yo konprann fòk yo respekte granmoun e tout sa y ap viv la gen moun ki te trase chemen an, yo pa t pafè, yo fè erè nan wout la, e se sa ki defini n kòm moun. Se kapasite n pou n fè chwa ak feblès nou pou n fè erè. Ap toujou gen enpèfeksyon. Se lè jenerasyon kounya a aprann sa l ap vin pozisyone l kòm modèl pou jenerasyon k ap vini yo.
Kesyon ak redaksyon : Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login