MUSIC
Rutshelle toujou detèmine

Soti nan “Kite m kriye” pou eksprime libète, fristrasyon ak esansyalite egzistans, pou rive nan “detèmine” ki anonse rezilyans, konfyans ak konfidans, Rutshelle penmèt nou asiste alalèt ak yon pakou ekselans. Atis la, depi nan konpozisyon “Je suis” ak “rendez-vous au sommet”, mete sou soti albòm QQA (Jan l pase l pase / JPP) prouve nou li kite tout estad nou swadizan panse l ye yo. Rutshelle antre nan yon posesis pou penmèt nou entwonize li kòm rèn biznis lan.
“Déterminée” ekri an franse ak angle. Ladan li, atis afime tèt li kontrèman ak aza men pito yon rèv k ap pran chè. Atis la di lè li fokis sou yon bagay, li just reyalize l. Atis la ajoute, li la pou l fè kòb, nan jwèt la, li s on batant. Nan moman an la, rèv li yo san limit. Li konn sa l ka fè e l ap fè l paske li detèmine.
Rutshelle ak anpil konfyans, pou konfime sa li te di avan yo, fè mansyon de reyalizasyon li yo. Atis la raple nou ke li se 3 albòm li yo (emosyon, rebèl ak QQA), plis gwo sèn ak distenksyon entènasyonal yo tankou trace awards 2023, Nuits d’Afrique pou frankofoni an 2024 epi Caribbean music Awards 2025 mete sou sa anpil lòt distenksyon nou pa site.
Rutshelle malgre matirite li fè prèv pandan plizyè etap difisil nan lavi li, nan mizik sa anplwaye yon sajès pou di nou li grandi. Pou fè mesaj sa pase, li fè referans ak laj ventèn ke li kite.
Mizik sa se yon referans espesyal tankou anpil lòt mizik motivasyon ki deja nan playlist ayisyen. Detèmine sisite kesyon plizyè fanatik sou rezo yo pou mande kisa k ap vini aprè ? Kisa yo ka espere? Annatandan, atis la li menm, li voye di nou, li konn jan pou l poze lè sa pa bon. Li fè n konnen, ta oswa anreta, l ap rive kanmenm.
You must be logged in to post a comment Login