MUSIC
Vanessa Désiré vini tout bon an “Full Package”

Aprè fòs ki te soti nan lane 2022, 12 novanm ki sot pase la, Vanessa Désiré pote dezyèm albòm li pou nou. Atis la delivre yon « full package » sou tout rezo streaming yo ak 13 pyès enpòtan ladan li kote chak sijè yo trete yon fason enteresan pou kapte atansyon fanatik mizik yo. Rezo yo an flanm. Deba louvri. Kòmantè tonbe. Nou pran san nou pou louvri pakè a epi pou ede w dekouvri chak grenn konpozisyon ki anndan li.
Tit mizik yo youn aprè lòt se : Brize m ; san pitye ; degrenngole ; full package ; Sans inik feat Wendyyy ; Ou t ap rim ; Dangerous ; Mwen avè w ; Kontamine ; Ak tout kè m ; Vakabon ; Limen ; Kè mwen.
Koulye a, an nou fè yon kout je sou chak mòso ki anndan pakè a :
- “Brize” se yon kri doulè nan nanm. Chantèz la itilize tout trip li pou fè nou viv emosyon li. S on moun ki nan lapenn kè brize. Sa ki enpresyonan nan mizik la, atis la rive yon kote li remèsye brizè a : « Fò w te brize m / Pou mwen te ka kwè reyèlman m ka renmen, mèsi ».
- « San pitye » rann demach atis la plis funny. Aprè yon kè brize, se moman revanj. Atis lan vin mechan envolontèman. Mwen pa swete okenn nèg san matirite tonbe sou yon moun konsa. Gen 2 opsyon, swa w chanje lide moun lan, pou w rann li konfyan oswa w devni yon bèl viktim. « Ou vini nan moman m ap vide bal / Ou s on viktim kolateral / Ni m p ap santi kè m fè m mal pou ou / D’ailleurs, j’ai plus de cœur, il est à bout » ; « Ils m’ont fait du mal, actions cannibales, mwen vin san pitye ».
- « Degrenngole » ranfòse chimen koyerans lan. Mizik sila pote sou baz matirite yon moun ki ase gran pou asime desizyon li yo. Ki pa tolere pèsonn anpeche yo swiv chimen yo oswa pou fè yo pitye. “Pa lonje men ban mwen / Kite m plonje nan ravin lan”. Mizik sa antre nan yon kouran laksis eksesif. “Kite m degrenngole m ale / Kite m tonbe / kite m koule / Se pou mwen lavi mwen ye ». Ganmoun yo toujou di, timoun mande bonbon cho, ba li l nan pla men li. Damou damou nou mezanmi !
- « Full package » bay yon reprezantasyon sou Vanessa kòm yon Full package tout bon. Se yon mòso kote l ap rap ak yon debi enpekab. Atis la konfyan nan ekspresyon li epi dayè li gen palmarès pou l di : « vwa m inik, stil inik, vayb inik, no limit, nou ka fè w jwi chak minit”.
- “Sans inik” feat Wendyyy se yon mòso ki rabache tout tole ki te genyen avan yo. S on priz de konsyans apre tout drama pou chèche yon koneksyon pafè. « Lanmou se pa sans inik / Si n dwe soufri n ap soufri ansanm / Si n dwe rejwi n ap rejwi ansanm ». Wendyyy fè yon antre majik ak de pasaj ki tonbe daplon nan demach kreyasyon an. Chwa chak mo yo fè sans epi kontribye ak yon envitasyon ala konsyans pou apresye ti detay yo. « Konbyen fwa m ba w rezon, m aksepte menm sa m pa fè / Konbyen fwa m di w ap toujou gen erè e m pa pafè / Se vre m pa fè tout sa m te pwomèt / Men mwen fè tout sa m ka fè / Olye w apresye sa m fè, ou fokis sou sa m pa fè ».
- « Ou t ap ri m », yon estil iwonik pou chante lanmou pwòp ak respè nan relasyon santimantal. S on mizik anbyans pou selebre ak zanmi oswa fanmi sou yon tan plezan.
- Nan “Dangerous”, atis la ap tante monte atitid li kòm gwo jwè. Eske se vre ? Atis la, menm ja nak travay ki fèt nan “San pitye” a, atis la kontinye ap montre kijan li s on fanm danjerez. Ki ka fè pè. Manzè di misye, yon sèl nwit li ye wi baz. Jodi a se jou chans ou !
- “Mwen avè w”, menm ja nak « Good God” sou albòm Rutshelle la, mizik sila s on tablo gratitid. Youn nan lide ki fò nan mizik sila a, se fason Vanessa afiche aspè jijman lasosyete ak kwayan yo sou sila ki merite batiste Bondye ou pa, pandanstan Bondye li menm gen vrè entimite li ak moun li renmen yo.
- Yon senp rega ka chanje tout bagay. Nan « Kontamine », tout grandè bani. Tou matirite vole. S on kè k ap pale. S on santiman sansib k ap avili tèt li. “Etensèl anmou vole sou nou / depi lè sa nou konekte, youn pa ka viv san lòt / Mwen vintounen yon bebe lè m kontre ou / Chak jou m nan bra w ape bèse m ».
- « Ak tout kè m » s on chan pou bay fòs ak asirans ak moun ki enspire nou viv. Nan mizik sila, Vanessa pa toujou ba nou chans devine entèlokitè a. Dèfwa li itilize pwonon « Nou », lòt fwa li di « Ou ». Pawòl yo fò, yo enpresyonan epi kaptivan. Yo sifi pou asire yon moun tout bon sou lanmou w pote pou li.
- Li banm yon lage l lage, se youn nan ti pasaj nou ka kenbe plis nan « Vakabon ». Vanessa ap lonje dwèt sou yon vagabon, yon bon brizè. Mwen deklare mizik sa twò bèl pou kouri dèyè vakabon.
- « Limen » pou selebre kouraj, motivasyon ak siksè. “Sa pa fè m anyen / Yo mèt pale » ; « Pa bezwen bat kò w, ou g on misyon pou w briye / Limen ».
- « Kè mwen » se yon kri entwospektif. Atis la ap cheche konnen pou kisa kè li pou li, alòske se li menm ankò ki chwazi moun pou brize li. “Se kòmsi mwen pa renmen mwen / Pi gwo ènmi kè mwen se mwen / Mwen pa janm f on chwa k bon pou mwen / Mwen fè kè mwen plis mal ke byen”.
Vanessa Désiré merite tout felisitasyon ak tout lanmou k ap tonbe sou rezo yo. Travay li an merite jwenn onè tout fanatik mizik. Chwa sijè yo montre kouman li entèlijan. Nan chak mizik, ou jwenn yon entrig, yon listwa oswa yon repè. Gen kote atis la s on moun brize, gen kote li san pitye konsa tou, gen lòt kote, li s on moun k ap cchèche lanmou. Sa raple nou mizik la s on fòs, s on medyòm oswa nou ka rele l kalfou ki penmèt nou swiv chemen nou dezire menm ja nak Vanessa.
You must be logged in to post a comment Login