MUSIC
Rap kreyòl : Toby soti yon Doub albòm

Mwa dawou a reprezante yon bèl moman pou rap la pandan lane 2025 lan. Baky anonse albòm li epi soti “Invincible” 13 dawou ki sot pase a. Wendy menm soti videyo “Okay” 21 dawou, an menm tan doub albòm Toby a “nothing to lose” ak “still nothing to lose” ki soti 15 dawou ki sot pase a kontinye ap simaye sou rezo streaming yo. Se trè bòn nouvèl pou milye rap la. Se yon bon siy. Sou pwojè Toby a, plizyè vwa reprezante tankou Vanessa Désiré (nou konn sa Duo sa reprezante nan hit rap), Anie Alerte (Zile), Watson G, Freedom, Mechans-T, Fatima, Trouble Boy ak Guarionex. “Nothing to lose” genyen ladan li 11 mòso, “Still nothing to lose” li menm genyen 9 mòso, entwo a enkli.
Sou doub albòm sa a, Owen Martinez Fava alyas Toby chante lavi, rezilyans, konfyans, lanmou, gratitid, peyi, merit ak anpil lòt tematik nou ka fin dekouvri toutotan n ap tande pwojè a. Atravè plizyè mòso nou tande, nou rankontre yon kreyativite boure angajman. Vwa Toby deja s on angajman. Se pa yon atis ki ka chante san vwa li pa asime pwa rigè ak gete. Pami tout 20 mizik ki sou albòm lan, youn pi entrige nou ke lòt. Men, nou mete anfaz sou sa ki videyoklipe yo tankou “Le Génie » ki te soti pou anonse albòm lan se yon zèv mayifik nan tout vrè sans mo a, “reallionnaire” menm s on bann presèp, mwen ta ka di, atis la itilize bit sila pou ekspoze life style li, fason li pozisyone li, konfyans li gen nan tèt li ak kapasite li “Mwen twonpe fi, fi twonpe m, menm pa janm twonpe tèt mwen”.
Toby fè yon mizik pou salouwe tout fanatik li yo. Nan « Djokannèl » li di « Sa se pou tizè Toby an jeneral/Kèlkeswa kote w branche a ou s on jeneral / Se nou ki banm fòs pou m kontinye jere rap / Nou p ap janm desann figi n pou jere ray ».
Men de twa punchline enteresan nou relve pwojè sa :
- M g on kalite defo yo pran pou kalite, m pa kwè nan kantite, mwen s on kòk kalite (Dope)
- Chak lè m gad nan miwa, m di yo w mwen pwal depase w (Bye bye)
- Se pa mwen ki pi jènjan but lè m damou m pa jwe (M pa jwe feat Trouble Boy).
Pasaj sa raple m yon pawòl Platon ki te di « Anba lanmou, tout moun ka tounen powèt ».
- Mizik la fè milyon vyouz, lari a pa konn mizik lan sa tris (Le génie)
- Ou p ap wè m de lane koz klasik mwen yo etènèl (Rien à perdre)
- A yon tikal m f on pakèt, fè yon pakèt ap mande m tikal (Rien à perdre)
Toby bay anpil omaj nan doub albòm li an patikilyèman ak Barikad Crew sou mizik Sakrifis la. Atis la prouve lanmou li pou Real Madrid atravè beat Djokannèl la ak pasyon li pou Benzema. Li pa sèlman bay yon mizik pote tit Benzema men tou, non Benzema repete lòt fwa ankò nan lòt mizik. Nou envite w al tande pwojè a sou tout rezo streaming yo kòm soutyen ak atis la epi milye rap ayisyen an. Si w ta renmen jwenn yon ti enfo anplis sou rezon atis la soti pwojè li a konsa, ak estil bit sa yo, lirik sa yo epi tematik sa yo, tande Kenzout sou rezo atis la.
You must be logged in to post a comment Login