Connect with us

News

Prezans Mizik Entèlijans Atifisyèl  ” A.I ” yo ap Grandi sou TikTok

Published

on

Prezans Mizik Entèlijans Atifisyèl  ” A.I ” yo ap Grandi sou TikTok

Nan mond n ap viv kounya a, entèlijans atifisyèl pran yo gwo plas ladan l. Mizik la pa epànye. Sou TikTok, plizyè mizik ki kreye apati entèlijans atifisyèl ap byen mache nan « trend » yo.

Nou ka tande « Kache nan je w » anpil moun reprann nan videyo yo. Mizik sa fè pati de yon albòm Pitchøømix soti, li titre « Dans l’espoir et le noir ». Se entèlijans atifisyèl ki jenere atis sa.

Genyen tou « Rete nan kè mwen » ki pa sispann woule. Nan ane 2025 lan, plizyè esè fèt pou mete atis AI devan sèn nan, nou jwenn chantèz, chantè e menm rapè. Se pwojè ki poko ateri. Men atis sa yo, gen naratif ki kreye otou de yo menm e yo gen mizik ki sou platfòm yo kòmsadwa.

AI ap make pa nan endistri mizik la, y ap vanse piti piti menm si l ap difisil pou yo rive aksepte yo nan sektè mizik ayisyen an.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW