Connect with us

News

Premye Swa : Carlo Vieux Pral Mete Deyò Premye Videyo Klip nan Albòm nan

Published

on

Premye swa : Carlo Vieux Pral Mete Deyò Premye Videyo Klip nan Albòm nan

Carlo Vieux pare pou l ofri premye videyo klip li depi lè li tounen an. Premye swa, youn nan ekstrè nan albòm li an, ta dwe soti 21 janvye sa.

Sa te pran Carlo Vieux, ansyen chantè Carimi a, 9 lane pou l tounen sou sèn mizikal la. Li te pran tan l, ak fanmi, lwen tout pwojektè, depi lè gwoup mitik la ye kraze a.

Nen fen lane 2025 lan, Carlo fè gran retou l epi li tou soti yon albòm ki rele « CARLŌ ». Avan sòti albòm sa, chantè a te met deyò yon dokimantè ki titre  « The loudest silence ».

Nan plis pase inèdtan, dokimantè sa rakonte 9 lane absans li yo men tou pakou lejandè gwoup Carimi a bò kote Michael Guirand ak Richard Cavé.

2 semèn sèlman apre soti albòm sa, li te kontabilize 1 172 087 ekout lè n mete ansanm YouTube, Spotify ak Apple Music. 

Se mizik « Retounen » an  ki te anonse albòm nan e malgre plizyè « visualizer » potko vrèman gen yon klip. Kidonk, « Premye swa » pral premye a. L ap wè jou 21 janvye k ap vini an.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW