News
Melly Sings Prezante Tracklist Premye Albòm li “ Melly “

Melly Sings Prezante Tracklist Premye Albòm li “ Melly “
Jèn chantèz, Melly Sings devwale « cover » ak tracklist premye albòm li ki gen pou tit « Melly ». Daprè sa li pataje nan pòs la, li pran anpil ane pou l grandi avan l rive mete pwojè sa deyò.
Se yon pwojè k ap pote 11 mizik, ladan yo n ap jwenn 3 kolaborasyon: youn avèk Steves J Bryan (Bri), youn avèk Gabel (Let me) epi yon lòt avèk Pleasure P (Ploge).
Pou soti albòm sa, chantèz la prevwa fè yon sware 31 janvye k ap vini la a nan The Secret Room, Manhattan. 100 premye tikè yo gratis anliy.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login