MUSIC
Mayestro Ritchie eskprime li sou konpòtman Roberto ak T-Joe anvè Klass

Nan yon videyo Ritchie, lidè nimewo 1 fòmasyon Klass la, pataje samdi maten 28 jen an byen bonè sou paj facebook Klass, li pataje 2 manti Roberto ak Raynaldo, les frères T-Vice fè sou li. Mayestro a nan menm videyo a eksprime wont li ak degoutans li pou de bagay mesye yo avwe kòm bòykotaj sou Klass.
Ritchie di : « Raynaldo deklare ak anpil fyète nan yon show Evens Jean, li deploge Klass, epi li antre nan otèl li, Klass pa ka jwe ». Mayestro Richie avwe, si li jwe ak T-Vice 12 fwa, sa rive omwen 10 fwa. Sa vle di, mesye yo souvan bòykote Klass nan sware yo. Raynaldo souvan ekri nan demen pou fè konnen T-Vice p ap janm ka fè yon bagay konsa.
Mayestro a ajoute : « Mwen sa k te deranje m plis, se lè l di, se devan m avèk Ti Sègo l di ke aswè a Klass p ap jwe. Ou mèt te pran w pi gwo kolon ki genyen, mwen m pa janm esklav devan w, paske se pa moman an sa. M pa gen tanperaman sa, e nou konnen m tou. Fanmi sa konnen tanpreman m, nou deal avèm anpil. Gen bagay nou konnen m pa gen nan mwen. Mwen renmen tèt mwen jan mye a, mwen pa gen okenn foli. Nou konn sa. » sa se premye manti a. Dezyèm manti a, sèke, Roberto di mesye Klass yo te jwenn yo nan airport, yo pa salye yo. Mayestro a konfime se manti e li avwe se tout bon li pa t ap salye yo. Li te ka salye manman mesye yo paske s on pi gran. Lè Roberto di mayestro a te ka rele li, pou mayestro a, se vrèman yon prèv mesye yo panse yo siperyè sou ti nèg nwa.
Apresa, ansyen batè zenglen an fè mansyon konpòtman T-Joe ki te di lè peyi a relanse, l ap tann ak wòch nan men li, djaz ki pwal vini Ayiti pou vin bare yo. Atis la, selon mayestro Richie te di, sa k ap genyen an, se pou gwoup ki t ap reziste Ayiti yo l ap ye. Richie fè mayestro a konnen, lè yon moun fake, li fake. Li rekonèt T-Joe kòm yon moun ki entèlijan e li menm li pa dòmi sou entèlijans T-Joe. E li konfime T-Joe pa gen okenn pouvwa sou sa pèp sa vle konsome. « Ou vini Miyami, nou akeyi w, nou jwe avè w. e ou trouve l pa sifi nou jwe avè w, ou vle ke show pa nou, biznis pa nou an, nou ouvè pou w on top avè l. Sa m konnen ke Martin Luther King te mouri pou nou reve, so n gendwa reve, sa s on rèv li ye, e w konnen sa. W ap fè fèt ou, w ap envite Klass, Klass ap ouvè pou ou. E sa k ap fèt la s on mouvman l ye. Paske pèp la konnen l deja. Se ti bagay ankedòt ke n pa konnen yo. Se yo mwen vin la pou m di. Ti pwen sou i yo, Ti ba sou t yo».
Mayestro a fini videyo a sou petèt ti koze k ap moute desann pou trete Klass ak New Look de rezo gang (viv ansanm). Kòm kwa, yo antann yo pou kle kou HMI la. Ritchie mansyone gwo distans ki genyen ant li menm ak Arly, ant Klass ak New look paske yo pa janm jwe ansanm e yo pa pale tou.
Eske se vre gen youn oswa plizyè mouvman nan HMI la ?
You must be logged in to post a comment Login