News
Kriz Politik Peyi a Kontinye Paralize Kanaval Nasyonal Peyi a !

Menm si kanaval nan peyi dayiti pa sa l te ye a ankò, gen plizyè gwoup ak atis ki anrejistre, fè videyo, epi pataje mereng kanavalèks pa yo. Jès sa yo fèt nan lide pou pa kite tradisyon an mouri.
Nan lane 90 yo ak ane 2000 yo, kanaval se te yon peryòd ki te fè kè tout ayisyen bat byen fò. Tout moun te konn ap tann sa gwoup pa yo, oubyen atis pa yo ap pote. Polemik te konn kenbe peryòd sa vivan. Epi lè se moman pou moun al danse pandan 3 jou sou Channmas, se te gwo fèt.
Akoz kriz peyi a ap travèse depi kèk lane, kanaval pa janm reprann jan sa te konn fèt. Plizyè ane li anonse, men sa pa janm fèt. Kriz la pa kite kanaval yo entak. Menm si, toujou gen aktivite ki fèt timidman nan kèk lokalite.
Pou 2026 la, gen plizyè atis ak gwoup nan sektè mizikal la ki mete kanaval pa yo deyò. Nan mitan tout sa yo, nou jwenn Fantom ak Dutty, Vwadèzil ki se yon referans epi Ekip ki fenk lage pa l la.
Sa te ka pi bèl epi piblik la te ka pi byen resevwa yo nan yon peyi kote tout bagay ap mache, men kriz la kontinye paralize manifestasyon kiltirèl sa ki te antre nan lavi tout ayisyen.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login