Connect with us

News

Kle Paradi : Gabel ak Vanessa Désiré Anbeli Twal la ak Yon Nouvo Videyo

Published

on

Kle Paradi : Gabel ak Vanessa Désiré Anbeli Twal la ak Yon Nouvo Videyo 

Fòmasyon mizikal, Gabel mete deyò videyo « Kle paradi » a, 13 janvye 2026 la. Mizik sa se yon kolaborasyon gwoup la avèk Vanessa Désiré ki prezan sou dènye albòm yo ki pote tit « Infinity ».

Videyo sa mete an vedèt, T Pachou youn nan chantè Gabel yo epi Vanessa Désiré, yon chantèz k ap fè non l site pifò tank jou yo prale. Se yon mizik kote y ap chante lanmou ak bonè li charye dèyè l malgre se yon santiman ki mande bon jan jesyon ak bon konprann.

Albòm Infinity a mete kò l deyò 8 jiyè 2025 lan. Li gen 13 mizik sou li. Se yon pwojè ki reyini yon pakèt gwo atis, nou ka site Roberto ak Shabba ki sou menm mizik (Ayisyen pou n ta ye). Genyen Steves J. Bryan sou mizik ki rele « Wè wa wèm » nan.

Kèk lòt atis gran piblik la mwens konnen sou li tou : Melly Sings, Saskya epi Cubano. 

Kle paradi a se katriyèm videyo ki ekstrè nan albòm Infinity a.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW