News
Kaï Chanje Estrateji pou Seri Konsè l Yo

Kaï Chanje Estrateji pou Seri Konsè l Yo
Kaï te sipoze kòmanse yon seri konsè, nan Miami, 21 fevriye 2026 la a. Gwoup la deside fè yon lòt koub, e seri konsè sa ap tanmen nan mwa avril de preferans.
Se 5 avril, nan Monreyal, se la tout bagay ap kòmanse. Pou sware sa, gwoup Richard Cavé a ap jwe nan sal MTelus la. Pou animasyon, n ap jwenn Star-Q, Bullet ak DJ K9.
Selon sa Manager Fito fè konnen, aprè Monreyal, Kaï ap gen pou l fè yon kout pye Boston, nan fen mwa avril la.
Menm si estrateji a chanje, seri konsè a ap fèt kanmenm nan plizyè vil nan Nò Amerik la. Soti Monreyal, pase Boston avan Miami jwenn men sòl pa l la.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login