Connect with us

NEWS

D’yne Ofri Fanatik li yo “SANS TOI” Kòm Kado Sen Valentin 

Published

on

Li rele Marie-Edouine Pierre.Non atis li se D’yne.L ap viv nan peyi Lafrans. Li sòti nan dat 14 fevriye a 6e mizik li ki pote tit “Sans Toi”.Yon mizik li konpoze pou manman l ki pa la nan vi li, yon fason pou li di moun ki te pi chè pou li a tout lanmou li gen nan kè li pou li, men tou yon jan pou l di l kijan absans li pese lou nan lavi li.

Atis la chwazi dat 14 fevriye a pou lage mizik la paske li make egzateman 5 lane depi li te lanse karyè mizikal li.Premye mizik D’yne te mete deyò se te ” Sakrifis”, epi apre li t ap al lage ” Ma vie” ; ” Tes Bras” an 2021, yon mizik li ekri konplètman an kreyol pou Ayiti, yon fason pou li eksprime tout lanmou li gen pou tè Zansèt li yo. E se mizik sa tou ki t ap al pèmet li pran vrè elan ak vitès kwazyè li t ap chèche a. Apre sa li t ap al mete deyò nan lane 2022 yon lòt mizik ki rele “Tout”. Nouvèl mizik sa ” Sans Toi” fè ototal 6 mizik atis la mete deyò.Entèprèt “Tes bras” a di li santi l alèz nan sa l ap fè a dotan plis li jwenn bourad plizyè beatmaker nan peyi Lafrans kote l ap viv ki produi tout kalte mizik, ki bal posibilite pou l grandi, men tou ki pèmèt li varye chwa mizikal li.Li temwanye li fè anpil progrè sitou nan vwa li e gras ak tout sa Yi li pare pou l enpoze li nan sektè mizikal la.

D’yne di li pa gen projè albòm nan tèt li pou kounye a. Li menm ak ekip li fè chwa pito pou yo sòti mizik yo youn pa youn annatandan yo deside sou ki direksyon y ap pran ak karyè li. Li fè konnen pandan l sòti dènye mizik sa li gentan ap travay nan estidyo sou yon lòt mizik k ap gen pou sòti nan mwa k ap vini yo, san l pa di ki dat egzateman.Men li promèt mizik la ap dekalite.

“Sans Toi” sòti ak tout videyo li.Mizik la disponib sou tout platfòm telechajeman yo ak an streaming. Li disponib tou sou chèn YouTube atis la. Se yon mizik ki dwe enspire moun e ki dwe pouse nou a renmen pi plis, lòt moun k ap viv bò kote nou, epi profite chak ti moman lavi a fè nou kado pou nou pase ansanm. D’yne swete mizik la pote solèy nan kèk chak moun k ap gen pou tande li.

Bélizaire Raphaël (Rafa) bélizaire30@yahoo.fr

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »
Exit mobile version