Connect with us

News

Darline Desca Anonse Yon Lòt Direksyon Pou Karyè l Aprè Poz la

Published

on

Darline Desca Anonse Yon Lòt Direksyon Pou Karyè l Aprè Poz la

Nan yon entèvyou li bay Ticket Magazine, Darline Desca anonse gwo chanjman nan karyè li pou lane 2026 la. Li fè konnen li te pran poz pou l òganize ekip li yon lòt fason e pote lòt pwopozisyon pou piblik li.

Malgre prezans li sou rezo sosyal yo, Darline Desca fè yon bon tan li pa jwe sou sèn. Yon absans ki entèpele anpil moun, men atis la pran tan pou l esplike sa nan yon chita pale li fè ak Ticket Magazine. 

Li esplike, anplis difikilte li te rankontre nan ekip li, te gen anpil malèz li pa t konprann nan sa ki gen pou wè ak biznis mizik an Ayiti. E li t oblije pran rekil pou l rive sène yo. Sou pwen manajman, li te gen lòt bagay pou l rewè.

« Lè sa pa mache, fò w pran poz pou w restriktire biznis ou, restriktire tèt ou epi resantre w kòm atis » chantèz Pik Makaya a fè konnen. 

Chantèz la montre se yon koze nòmal pou yon atis pran poz nan karyè l nan moman ki mande sa. Li pran egzanp sou Rihanna ak Beyoncé ki konn rale 5,  6 oubyen 7 lane poz nan karyè pa yo.

Pou kounya, Darline pare. Li rive retire tout sa l pa t vle e li gen dwa chwazi sa li santi ki prale nan sans li. Nan ka sa, chantèz la ta dwe remonte sèn nan pa twò lontan.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW