Connect with us

News

Bad Bunny Mete Ayiti an Valè nan Super Bowl la

Published

on

Tout je te brake sou youn nan pi gwo evennman nan mond espò a, dimanch 8 fevriye 2026 la : Superbowl la, kote atis renome mondyal, Bad Bunny te gen pou l pèfòme nan mitan match la.

Nan pèfòmans li an, Pòtoriken an te voye kout chapo pou Ayiti pami tout peyi li t ap site yo pou l voye yon mesaj fò. Nan menm pèfòmans sa, bikolò a flote byen wo byen fò nan je lemond. 

Nan yon afich ki te parèt nan estad la, nou te ka li « Sèl sa ki pi fò pase layèn, se lanmou ». Atis sa ki fenk sot pran pri albòm ane a nan Grammy Awards, toujou deklare li kont politik migratwa k ap fè lalwa nan peyi Tonton Sam nan depi lè Donald Trump pran pouvwa a.

Ak zak sa Bad Bunny, yon atis ki pa janm kache pozisyon politik li, demanti zafè Amerik la se sèl pou Ameriken yo. Yon moman k ap make istwa mizik la.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW