MUSIC
T-Joe reponn Ritchie

Jounen jodi a, nouvèl yo kouri pi vit pase limyè sitou pou sa ki sanble ak zen cho yo. Wòl nou antanke medya, se eseye fè w tande tout vèsyon yo sitou lè atak la oswa premye flèch la te pataje lakay nou. Li evidan pou nou retounen w feedback sou repons konsène yo. Nou pwomèt ou sa, pou n kenbe ekilib. Men, malerezman, pa gen okenn enterè nan plede ekri sou takotak pou sovgade nan gwo achiv tras ekrit n ap eseye konsève pou jenerasyon k ap vini yo. Jou dimanch 29 jen an, nan laprè midi, reprezantan Kreyòl la pataje yon videyo ke nou ka jwenn sou plizyè platfòm tankou Konpa Events.
Si nou ta di n ap rezime, atis la fè konnen gen de bagay Ritchie nan videyo li a di ki fè l mal alekstrèm. Selon atis la, tout pale anpil la genyen pou koz Klass ak New Look ki kenbe biznis la depi kèk lane nan kesyon jwe bal. Yo anplwaye yon estrateji pou pa jwe avan epi yo pè fawouch. Nan konpetisyon ki egziste ant Klass ak New Look, yo youn pa vle jwe avan paske yo pè pou fanatik pa fè videyo pou fawouche yo aprè. Epi medya yo jwe yon wòl nan destabilize chak gwoup sa yo. Sipèsta ayisyen an di : “Yon pwoblèm Gazman pale, yon pwoblèm Shabba pale, yon pwoblèm Bedjine ak K-dilak pale, li pa ka yon pwoblèm koulye a lè se mwen ki pale l”.
Atis la fè plizyè ti tak an parabòl nou ka li youn tankou : “Ou pa moun ki konn nan tout pale anpil sa a, sitou lè w ap mennen. Ou pa konn reponn moun lè w ap mennen”. Atis la reyaji sou kèk lòt pawòl mayestro Ritchie te di tankou mo “fake”. Atis la fè konnen li p ap gen pou li jistifye li sou sa paske li pa ka gen lanmou tout moun menm si li ta fè tout sa pou li fè. Sou kesyon veye gwoup alentranje nan èpòt ak wòch la, T-Joe refòmile pwopo a pou di, li te jis vle pwoteje atis ayisyen yo, nan sans, lè peyi a relanse, pou gwoup djaspora yo kite yo demare avan. Li etone ke mayestro a sèvi ak pawòl sila kont li. Atis la fè konnen li pa t ap fè diskou politik, li t ap fè blag lè li te pale de gang lan paske li te mete tèt li ladan l tou. Sou sa ki gen pou wè ak gwoup whatsapp yo genyen antre yo, chantè a di, se konsa li leve, se konsa li grandi. Yo pa fonksyone nan hing hang. Atis la te pwofite tire yon flèch sou mesye nò yo, selon li menm, ki fonksyone nan chen manje chen. Li chwazi kòm egzanp, Tropikana ak Septan, youn pa vle wè lòt. Li menm raple mayestro a ke li te fè gwoup whatsapp tou pou tout atis yo diskite antre yo menm e ke mayestro a te ladan li. T-Joe trouve li pa gen anyen pou li anvye Klass pou li ta chita nan pale Klass mal. Li ajoute li fè pati atis ki gen anpil klasik nan biznis lan. Li fè referansak popilarite li, modèl sipèsta li ye a…
G on kote T-Joe di : «Nan faz nou ye la, ou panse entèvansyon sa, se le moman ? nan yonfaz kote trè byento nou gendwa pa ka fè moun nan bal ankò akoz pwoblèm ICE, akoz pwoblèm TPS k ap cancel ». li ajoute ankò “jan w vle vire li a la, se tankou se lagè ki genyen. W ap fè gè klan, w ap fè gè sektè”.
Atis la mande mayestro a pou yo kenbe l konsa, youn ap louvri pou lòt. Menm si li ta 7 sou 10, 6 sou 10 oswa 4 sou 10. Lesansyèl, youn dwe louvri pou lòt. Atis la mansyone li pa t konnen si se te bal Klass e menm fè konnen bal la pa t menm fè 300 moun pou dayè li poko menm fin touche.
Atis la fini videyo li a sou yon ton plen imou ou di, si li pa kif kif, fifti fifti, haf a haf, li pa ladan l. Epi raple nou ke se blag ak lanmou li konn bay. Li pwofite tou pou moutre ke echanj sa estipid anpil yon fason tou pou outre matirite li pa rapò ak kesyon an.
Nou menm bò kote pa nou, nou ap swiv kijan mesye yo ap soti nan enpas sa a, pou kite yon modèl kolaborasyon pou jenerasyon k ap vini pita yo. Jwe avan oswa jwe aprè, ki vitamin sa gen ladan l? Ki enpak echanj zen sa yo ka genyen sou milye a (biznis la) ? Eske vèman mizisyen yo janm soti nan dimansyon biznis lan pou konsidere mizik la kòm yon sistèm politik kote anpil jenerasyon ap spuche ladan l pou kreye pwofil lavi yo ? Antouka, nou vrèman espère meyè konpòtman ki depase reyalite sosyete ayisyèn lan (nan sans klan ak sektè). Nou espere nan yon pwochen tèks, prezante yon refleksyon sou klan nan sektè kiltirèl la nan peyi dAyiti. Sa kapab byen entèrese w.
You must be logged in to post a comment Login