Connect with us

New Music

SEZON BLANCH : Jean D’Amérique ak The Plug Lanse yon Kri pou Soufrans Peyi yo

Published

on

SEZON BLANCH : Jean D’Amérique ak The Plug Lanse yon Kri pou Soufrans Peyi yo 

Jean D’Amérique ak The Plug, 2 rapè, soti yon EP ki rele « Pwezi lari a » 26 desanm 2025 lan. Yo apenn soti premye videyo klip ekstrè nan pwojè sa, tit la se « Sezon Blanch », yon reyalizasyon Juder Visuals.

Nan mizik sa, atis yo pale de move gouvènans ki mennen tout kalamite timoun, jèn kou granmoun ap viv nan peyi dayiti. Yo pale de kriz politik la ki pa janm sispann, sa ki lakoz lavi isit pi di jou apre jou.

2 rapè sa yo kwaze sou plizyè pwojè deja, ladan yo « Li di m » ki soti nan mitan ane 2025 lan. Men fwa sa, yon ini vwa yo pou yo denonse soufrans peyi yo ak fènwa ki anpare l.

Videyo a disponib sou YouTube, pandan EP a disponib sou tout platfòm yo.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW