Connect with us

MUSIC

Nan Monreyal, Zetwal ZILE a te file

Published

on

Kèk jou aprè soti albòm Zile a, jou 23 jen ki sot pase a, nan okazyon selebrasyon 13èm anivèsè Klass, nan Le Rizz nan vil Monreyal, Anie Alerte te akonpanye pa yon gwoup mizisyen ki pa twò koni nan milye a men ki byen madre. Menm si te gen ti tribiche sou kèk kout kòd, sa pa rive anpeche fanatik yo apresye prestasyon atis la. Nan madi maten, anpil gwo vakam fèt sou rezo yo. Sou paj facebook chak moun nou pa ta panse, nou jwenn de ou twa mo yo poste swa pou felisite Anie oswa pou fè yon remak pozitif sou pèfòmans li an.

Sou paj Guy Wewe nou tonbe sou yon bout videyo kote li di : ”Anie Alerte gen yon bèl debi ak Zile”. Pou animatè a, Anie Alerte gen konfidans, eksperyans, lidèchip ak enèji pou penmèt li tope kòn li ak nenpòt moun nan milye a. E li mande pou okenn moun pa dwe minimize atis la.

Sou paj Medianou, nou dekouvri yon pòs ki genyen plizyè foto prestasyon an epi nan tit tèks ki akonpanye pòs la, jounalis la di “Monreyal tonbe anba cham Zile, fòmasyon mizikal Anie Alerte la. Epi li ajoute, pa gen kontestasyon.

Yon nòt pou laprès ki jwenn siyati Bolo Group – Zile soti nan mèkredi 25 jen 2025 lan, mesyedam yo di : « Byenke nou jenn nan inivè mizik ayisyèn lan men selon anpil obsèvatè, nou te bay yon pèfòmans ki alawotè atant yo. Nou resevwa elòj sa yo ak gratitd epi imilite… ».

 

Nan sware sila, Anie te prezante 7 mòso mizik. Li te kòmanse ak “Lè n ap fè lanmou” (lomeyans pou Mizik Mizik/Fabrice Rouzier) epi anchenen sou menm patèn lan mizik “Ou se” (New Look/Gazman couleur). Apresa, li chante twa mizik sou albòm li an “Difisil”, “Trayozon” ak “Damou ankò”. Ou ta di se mizik moun ap tande depi dis lane si tèlman yo apwopriye pawòl yo ak melodi yo rapid. Apresa, li chante « Mal » kòm youn nan dènye gwo siksè li apresa, l ap fèmen prestatsyon an ak « Alo lenbe », yon lomeyans pou Dieudonné Larose.

 

Nan kòmantè nou li anba kèk layv emisyon, gen moun ki di se chans, gen lòt ki di se pa vrè mizisyen gwoup la. Gen sila tankou Wilfrid Petit-Frère ki prefere bay pi fò kredi yo ak Anie, epi ki di l ap tann pwochèn prestasyon an pou li kapab mete yon vizaj otantik sou fòmasyon sa a ki sanble pa vini pou lapè.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW