News
Mebel Brun Pral Devwale Pemye Albòm li “Fenomèn”

Nan yon videyo li pataje sou rezo yo, Mebel Brun anonse ak lajwa li pral soti premye albòm li ki titre « Fenomèn ». Li kase randevou 22 fevriye a 6è nan apremidi ak fanatik yo pou yo dekouvri albòm sa.
Nan kèk lane karyè, jèn chantè rive genyen plizyè “hit” sa ki vin fè l jwenn apresyasyon piblik la. Nan lane 2025 lan, li soti yon ti kout pwojè ki rele « 3 mondes » ak 3 mizik nan 3 stil mizikal diferan.
Kounya, se moman pou atis la fè gran so a avèk nouvo palye sa nan karyè li. « Yon pwojè ki fèt nan vizyon, ki nouri nan travay epi se anbisyon k ap gide l » se sa Mebel fè konnen.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login