Connect with us

News

Maestro Brutus Mete Tout Verite sou Zenglen Deyò

Published

on

Nan yon chita pale li fè James Pierre, Maestro Brutus, ki se maestro Zenglen, kite vwal la tonbe sou fonksyònman gwoup la depi epòk gwo sipèsta li konnen yo tankou Richie, Réginald Cangé, Frero, Gracia Nickenson Prud’homme ak lòt yo.

Nan sa li fè konnen, li di rezon ki fè Réginald ak Frero ki gwoup la se pou jan resèt la t ap separe. Alepòk, se sèl Richie ki t ap fè kòb nan gwoup la, sa ki te sisite mekontantman lakay nèg yo. Aprè yo fin chante albòm « 5 etwal » la, Richie soti ak 5 fwa lavalè lajan yo te touche a.

Zenglen rete yon gwo patrimwàn nan mizik ayisyen an pou tout sa l rive reyalize ak kalte talan ki pase ladan l. Men gen anpil sitiyasyon ki mete mizisyen ak moun k ap jere gwoup la dozado. Selon Brutus, Richie pa t janm yon manm gwoup la. Se te yon moun ki te ap travay ak Zenglen e li te toujou touche pou nenpòt sa li fè. 

Maestro a fè konnen li te konn fè gwo sakrifis pou l peye Richie pou tout mizik li pwodwi pou Zenglen. Li raple mizik sa yo rete pwopriyete gwoup la. « The master belongs to Zenglen » se ak mo sa yo li di sa.

Sou koze tout moun ki kite Zenglen, Jean Brutus Derissaint fè konnen s on platfòm ki pòt li louvri pou yo. Li pale de la Gracia ki kapab tounen lè l vle, paske li menm li pa janm mete moun deyò nan fòmasyon mizikal la. Sa pa gen lontan, Gracia te site non l kòm moun ki te ba l fo paspò ameriken, yon bagay li demanti.

 

Chita pale sa kite anpil moun nan enkonpreyansyon total sitou pou vèsyon yo ki pa menm kote konsène yo. N ap raple James Pierre pale ak Gracia epi Richie deja nan emisyon sa. Se petèt yon istwa ki poko ap bout.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW