Connect with us

News

Madan Tony Mix Fè Yon Kaze Kite Sa Avè l !

Published

on

Nan yon anons li fè sou rezo yo nan apremidi 11 janvye a, Madan Tony Mix anonse l ap kite DJ a definitivman.

Nan sa l li esplike, li di l fatige sibi twonpri, mank respè, li fatige aksepte yon konpòtman li pa t janm dwe sipòte. Daprè sa l fè konnen, se yon relasyon ki pote pou li anpil doulè, anpil nwit kote dlo je l benyen zòrye l.

An menm tan, li fè konnen l pa regrèt anyen. Chak chapit nan lavi l mennen l jwenn pitit gason yo Sheldon ki se pi gwo benediksyon l.

Li voye mesaj bay tout fanm k ap soufri nan silans, ki bliye tèt yo, li mande yo bay tèt yo plis valè ak plis respè. Pou l fini, li esplike kounya li chwazi tèt li, lapè l ak gerizon l.

Tony Mix ak madanm li pase 17 lane ansanm, yo t ap bay lanmou jarèt depi avan epòk siksè entènasyonal atis la konnen.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW