Connect with us

MUSIC

L-Won soti premye albòm li anba tit “Welcome”

Published

on

Wondieph Lozier alyas L-Won soti premye albòm li anba tit “Welcome”. Yon plak rich ak divèsite epi sijè enteresan pou atire atansyon divès melomàn. Albòm sila pote anprent yon lirisis sansib ki pa pè eksprime doulè li, la jwa li, viktwa, defèt, vilnerabilite ak foli. Atis la pwopoze 9 mizik sou albòm sila, 8 nan yo batize sou non lanmou. Yon lanmou san degize men ak yon ti makiyaj espesyal nan chak mòso.

Nan mòso “M pè renmen” ak “Ou vini”, L-Won eksprime ak tout rezèv pèsepsyon li sou lanmou.


Nan premye mizik la ki gen Toby sou li, atis la di :

“M renmen renmen

koz lè m renmen

m vilnerab

li fasil pou w fè m mal”

“Menm lè m fenk brize

Menm lè m fenk sot kriye

M p ap pran tan pou m livre m

Depi se kè m ki valide w”

 

Nan lòt la “ou vini”, pawolye a kontinye :

“Ou vini

Ou fè m wè gen moun ki konn renmen moun

Ou gide m

Fè m wè gen moun ki konn mennen moun

Èks mwen fè m wè gen moun ki konn senyen moun

Syèl la fèk manke yon zanj paske nan menm genyen youn”

Atis la pa sèlman sila k ap pèdi tèt la men tou, li reprezante sila k ap apresye chak detay nan diksyonè lanmou an tou epi pou ajoute tout engredyan ki lesansyèl yo pou rann relasyon an pi dous kou siwo. Si nou vle kwè m, al tande “Paradi”, “Ti manmi”, “Misyon m” ak “resanti”. Mizik sa yo pote mak gratitid, respè, pwoteksyon, fidelite, atachman ak elatriye.

Apresa, gen “Toutouni” ki se yon travay ekstrawòdinè Adams Beat fè. S on nouvo mòso afwo ki vin agrandi lis playlist DJ yo pou bay animasyon. Tèks la sanble tèt koupe ak bit la. Atis la fè nesesè pou li delivre.

Nan prèske menm rejis la nou jwenn “kole sou mwen”, menm ekspresyon ak “Toutouni” an. Yon envitasyon alachanalite. Yon demann pou yon kolay ak son, san renka kò.

9 mizik enteresan. 8 mòso nan yo pou fè fanm fremi epi lòt pou fè egri yo piti. “Lè poum bèl” s on mòso atis la chante pou pale ak moun jalou yo, sila ki pa ka sipòte siksè zòt yo. Gen moun ki kontante yo travay san yo pa kyè de sa lòt santi men kanta L-Won, li pran leswen pou raple egri yo, yo dwe kite ti mès sa pou kè yo pa pete kanta li menm, l ap fè siksè kanmenm paske lè pa li a rive.

Nou envite w al tande albòm lan sou tout platfòm stream yo. Apresye yo nan fason pa w. Enjoy yo ak fanmi w, zanmi w epi patnè w.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW