Connect with us

MUSIC

DJAZ LA, yon jenn fòmasyon mizikal nan Bonbadopolis soti “SOLITID”

Published

on

DJaz la, yon jenn fòmasyon mizikal nan Bonbadopolis ki fonde nan mwa dawou 2023 epi ki gen nan tèt li kòm chantè, maestro Ben, soti vandredi 12 septanm lan nan aswè premye pitit yo, anba tit solitid.

Jenn djaz la gen ladan li 10 mizisyen plis 5 manm nan administrasyon li.

Nan estaf mizisyen yo, nou ka site :

– Berwismond ALUSMA – Chantè

– Gepnet Charles – koris

– Taïna Lavaud – koris

– Routlyn Jeanéus – Gitaris (maestro djaz la)

– Wigenson Dorsinvil – Gitaris

– Jumonel Morilus – Basis

– Kelly Pericien – Kibòdis

– Bevely Timothé – Batè

– Serviliet Amelus – Gongis

– Marvins Cherisma – Tanbourinè

– Wadnel François – Manager

Selon chantè DJaz la, objektif yo se fè bèl mizik pou fè valè zòn nou an (ba nòdwès patikikyèman Bonbadopolis ak Molsennikola). Chantè a kontinye pou l di : “n ap travay pou n evolye, epi pou n rive soti youn pami bèl gwoup mizikal ayisyen yo epi jenere lajan nan biznis lan”.

Lè nou mande chantè a, maestro Ben kisa mizik sa, solitid, reprezante pou yo, li reponn : “Ayayayyyyy mizik sa reprezante anpil bagay pou nou paske nou ak fanatik yo t ap tann li lontan. Pwoblèm sosyal/politik te ba nou reta men nou te trè pasyan e n ap pwofite remèsye fanatik nou yo ki te toujou kwè nan nou. Mizik sa a reprezante pòt siksè ki louvri byen laj pou rès bèl pwojè nou yo”.

Selon manadjè Djaz la, pwojè yo anpil men y ap konsantre yo pou soti videyo mizik lan nan yon ti tan ki pa twò long.

N ap envite w antretan al enjoy mizik la sou tout platfòm streaming yo. Pataje mizik la nan rezo nou. Bay Djaz la jarèt pou l rive pi lwen.

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW