News
Fantom Demanti Akizasyon Ki Ta Fè Kwè’l “ Touye Moun “ Deja !

Fantom Demanti Akizasyon Ki Ta Fè Kwè’l “ Touye Moun “ Deja !
Nan lakou Okap, Fantom te fè yon ti chita pale ak Tico epi Pipo nan RewYnd Podcast, yon inisyativ Clearshot Fim Studio. Anpil pawòl pale nan echanj sa ant atis la ak animatè yo.
Rapè a retounen sou ensidan ki te rive l nan dezyèm jou kanaval la an 2015, kote li te pran nan kouran epi boule : « Li pa yon domaj men m aprann, paske lavi s on etènèl aprantisaj ». Li kwè si l vivan toujou se paske l gen yon misyon. Se te yon moman difisil kote li te ant lavi ak lanmò, e li te akwoche l ak lavi san l pa t detache de kleren ak sigarèt nan sou kabann lopital epi oksijèn.
Sou modèl konpòtman vyolan ak enjerab li souvan genyen, Fantom fè konnen li leve byen, li pase gwo lekòl, men li deside pa swiv liy yo ba l. Se vwa pa l ki toujou konte pou li. Li revele kòlè l soti nan mizè ayisyen fè l pase ak non yo ba l. Sa te menm pouse l al viv Sendomeng pandan 5 lane.
Ansyen rapè Barikad la pale de relasyon l ak Misty Jean, li di yo fè 5 lane ansanm e yo t ap viv nan menm kay. Li aprann yo youn pa t janm fè lòt mal. Daprè li, se yon moun li renmen e li swete l kontinye pran swen tèt li.
Fantom reponn akizasyon touye moun ki gen sou do l, selon li menm bagay konsa pa t janm fèt. Li fè konnen nan nivo Barikad t ap monte a tout manm yo t oblije gen zam men li te vin pèdi pa l la nan DCPJ. Li esplike pou kote l leve, li t ap enposib pou l pa t nan pale ak moun ki nan gang paske anpil nan yo se moun li leve, manje, bwè ak yo.
Li pa t manke fè gwo deklarasyon sou Barikad Crew, gwoup mitik rap ayisyen an : « Youri Chevry ak Izolan kanpe yo di Fantom pa itil anyen nan Barikad ». Selon li menm, se rezon ki fè l p ap janm tounen nan gwoup la paske pawòl sa te fann kè l. Pou Fantom, pi gwo regrè l se paske l pa t tou kite Barikad aprè lanmò Katafal.
Lòt bagay, Fantom di pa gen rapè ki nan nivo l. Li di nèg tankou Baky te rapè lontan men pou kounya se afro l ap fè. Yon echanj ki te vrèman anime ki disponib sou chanèl YouTube Clearshot la.
Jephte Estiverne
You must be logged in to post a comment Login