MUSIC
Djakout #1 anonse retou li nan dawou k ap vini la

3 septanm 2025 ki pwal rive la ta pwal fè Djakout #1 egzateman 2 lane jou pou jou depi li pa moute sèn. Depi aprè prestasyon djaz la nan Labor day nan New Jersey la, finalman, mesye yo resi anonse retou yo. Lè nou konn sa djaz sila reprezante sou sèn mizikal la nan peyi dAyiti, efori yo abitye fè nan kanaval, festival ak nan bal, nou dakò, se pa kado oswa favè, men pito yon gran merit.
Depi depa Shabba, Djakout #1 viv de moman difisil patikilyèman depa Polo epi answit manadjèz la tou, san nou pa pale de lòt chwichwi ki fè rimè sou rezo yo. Djakout deside tounen nan yon moman kote biznis lan cho ak zigzani. Djakout retounen tou, nan yon moman kote gen anpil jèn k ap lite pou asire plas yo nan biznis lan. Djakout retounen nan yon moman kote fanatik mizik pa gen mouda chita paske mizik se sèl bagay ki rive ka fè ayisyen danse menm si bagay yo ap mache mal lakay yo an Ayiti.
Andeyò apwòch mizikal ki konte anpil pou penmèt yon djaz mache, apwòch manajeryal la konte anpil. Dènye sa nou di la, s on gwo pilye ki ka penmèt yon fòmasyon mizikal rete solid ak yon listwa enspiran nan milye a. Administrasyon djaz la, pou retou sa, ta dwe ka rasire kominote a oswa fanatik yo ansanm rezilta ke retou sa ap pote pou lavni. An 2025, fanatik yo vin pa inikman moun k ap tande mizik men tou, s on gwoup moun k ap chèche tèt pa yo tou nan pwodui k ap vin jwenn yo menm si envès la konn souvan reyèl tou konesan reyalite mou nap konsome mizik nan peyi a.
Okenn lòt enfòmasyon pa vini tankou si gen mizik k ap soti oswa albòm, si yo y ap fè yon layv oswa si y ap selebre yon evènman inik. Lesansyèl Djakout #1 tounen. Se deja rasiran pou fanatik ki anvi bay « bag la » oswa « louwe kris la ». Randevou kase pou 2 dawou nan Boston, nan Ocean Side.
You must be logged in to post a comment Login