MUSIC
Dènye Nouvèl sou Rutshelle : Manje a Pare !

4 lane aprè depi Rutshelle te soti dènye albòm li, diva peyi a finalman anonse 4èm lan pou 12 novanm k ap vini la, a minui. Sa pa gen anviwon 2 semèn depi Diva soti “Detèmine”, mizik sa te sanse reprezante anons nouvo albòm lan ak yon ton byen angaje pou lavni.
Rutshelle se pwopriyetè 3 albòm deja e li batize yo anba non : emosyon ki soti nan lane 2014, rebèl nan lane 2018 ak QQA nan lane 2021. Apresa atis la te pwopoze yon sesyon live (RG Band Live session) nan kòmansman lane 2025 lan.
Byen bonè maten an, nou tonbe sou anons atis la ki devwale cover albòm lan ak tout tit (12 ERA) epi ak lis tout mizik k ap sou li yo.
22 mizik ak 7 bèl envitasyon (featuring) nou pwal site yo pou ou youn aprè lòt :
1- Genèse feat Yole Derose and Frantz Duval
2- Good Good
3- DGU (Don’t Give Up)
4- Ou mechan
5- Can’t get over you
6- Dyalòg feat Jocelyne Beroard
7- San ou
8- Mwen wè m nan ou
9- Sere m feat Fanny J
10- Adikte
11- Lavi nou chifonnen
12- Twilight feat Wyclef Jean
13- Chanje
14- Kè m kraze
15- Kole
16- 2 pye m mare
17- Stay
18- Mirak
19- Tag li feat Bamby
20- Distans
21- Déterminée
22- Tolere w feat Kaï
Nan kòmantè sou paj rezo sosyal Ruthselle yo, fanatik yo eksprime enpasyans yo pou resevwa albòm lan epi eksprime lanmou yo pou atis trace awards 2023 a. Menm gen nan yo ki gentan ap mande dat toune yo pou kapab rezève plas yo.
4èm albòm sila, menm jan ak 3 premye yo, nou konvenki y ap pote yon diplis nan pwodiksyon mizikal sou mache a. An nou tann ansanm !
You must be logged in to post a comment Login