News
Darline Desca ap Retounen sou Sèn ak ” Pandora Escape Tour “

Darline Desca ap Retounen sou Sèn ak ” Pandora Escape Tour ”
Nan videyo li poste sou rezo li yo, nan jounen 4 fevriye 2026 la, Darline Desca anonse gran retou l sou sèn. Sa ap fèt nan yon toune ki batize « Pandora Escape Tour ».
Nan video sila a, atis la esplike li te fè retrè sou sèn mizikal la pou l te kreye yon nouvo vèsyon de li menm. Li estime kounya li grandi, li kreye, li evolye epi li vin anpil bagay yon lòt jan.
Chantèz Pik Makaya a santi kounya li pare e li retounen, selon sa l di « pi solid, pi djanm ». 2026 se ane l ap reprann wout la. Pou li lanse toune sa, l ap gen yon premye dat 14 fevriye nan Miami.
Darline pa kache jan piblik li a manke l, e li pare pou yo yon nwit san parèy. Tikè yo deja disponib nan lyen atis la mete pou sa sou kont li yo.
Jephte Estiverne
WilfridP
February 5, 2026 at 12:45 am
I like