Connect with us

New Music

Carly ap Kontinye Eritaj Larivière yo Kite nan Mizik

Published

on

Carly Larivière ki se pitit Arly Larivière, mayestwo Nu Look, devwale yon mizik ki rele « LMK » ak tout videyo klip. Se yon mizik konpa ki chante nan lang anglè, yon mizik k ap chante lanmou pou reprann kòd jan mizikal sa. Yon mizik dansan ak yon anbyans tèt chaje.

Se Cedric Louis ki jere pwodiksyon, miksaj, mastering mizik sa anba lebèl Black Ice Productions.

Ak karyè l ki lanse nan mizik, Carly pati pou fè non Larivière yo dire plis, pandan l ap antretni eritaj yo. Sa te kòmanse avèk Daniel Larivière, gwo konpozitè okès Tropicana. Arly Larivière, fè gwo karyè tout moun konnen an avèk anpil mizik k ap travèse epòk.

Kounya se kou pa Carly Larivière, èske l gen zepòl pou l pote chaj sa zansèt yo kite a ? Se listwa k ap gen pou di nou.

Jephte Estiverne

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW