Connect with us

MUSIC

Apiye : Yon remèd ?

Published

on

Kòm dabitid, majorite atik mwen ekri isi a, mwen toujou respekte opinyon mwen. Se pou sa, mwen pa fè aktyalite men mwen bay enfòmasyon lè m kapab epi mwen analize mizik tou lè sa posib. Nan wikenn ki sot pase a, Roody Roodboy ak Zile soti ansanm yon mizik ki rele apiye. E sa pa t pran anpil tan tou pou mizik la pran lari a. Mwen te pase l yon sèl fwa devan Rayou, pitit fi mwen an, ebyen li pase jounen an ap fredone l, sa te fèm konprann s on mizik ki reyisi.

 

M ap raple m mayestro Tiblan te pase sou tab wouj la nan Konpaevents epi mesye yo te mande li, kijan li trouve konpozisyon jèn jenerasyon an nan mizik, èske mizik yo bon. Ti blan te reponn, pa gen mizik ki pa bon sa depan de sa w ap chèche oswa fason w konprann mizik.

 

Mizik se melanj nòt pou bay melodi. Ki dwa yon moun pou deside ki melanj ki bon ak sa ki ba bon. Nan endistri mizikal aletranje, yo fè nou tande mizik moun k ap fè bri ak vwa yo san w pa menm tande yon mo nan fraz yo, nou konsome blues, jazz, pop, rock n roll…Mwen konn tande yon chansonèt fransèz yon fi chante ak yon gason, vwa youn grav, vwa fi a egi. Nan mizik ayisyèn lan, nou konsome anpil vwa diferan sou konpa, kanaval ak nan rabòday. Dèfwa, ou pa menm sèten ke atis rabòday yo te vle chante nan yon nòt.

 

Melanj ki bay mizik yo pa predefini pou mwen menm. Se filing. Se anbyans. Li ka soti bèl pou yon kantite moun, li ka mal soti pou yon lòt kantite. M ap sonje Garou ak Celine Dion ki pa chante nan menm rejis vokal te ofri nou “sous le vent”, nou pase zanfans nou ap chante l.

 

Mwen pap ekri poum blame Darline Desca, li gen tout libète li pou bay enpresyon li. Menm jan, mwen menm tou, mwen bay enpresyon mwen pa rapò ak sa li panse a. Kontrèman ak DD, mwen renmen vwa ki inabityèl nan mizik (youn nan rezon ki fè m renmen vwa Danola). Mizik se pwezi. Mizik dwe ka choke, etone oswa siprann moun. Ou dwe ka poze tèt ou kesyon, poukisa yo koupe atant ou tèl kote. Poukisa yo pa t fini l konsa. E si se sa yo te mete la. Se djòb konpozitè a pou l koupe souf ou. Si mizik la soti po pou po ak sa w konnen sou mizik la, nan pwezi, nou rele sa kliche. S on deja wè. Yon bouyon rechofe.

Pou mwen menm, konpozisyon apiye a, s on remèd. Yon remèd pou gason ki anpàn pawòl oswa mo yo fini, ki jis bezwen yon èd pou yo di boubout yo, se mwen menm tout bon, moun ou te vle a.

“Apiye sou mwen, cheri apiye sou mwen, ou pa bezwen plan B, avè m ou tou plonbe”.

M espere tounen pou m analize an detay tèks mizik lan.

#Ikigay

Continue Reading
Click to comment

You must be logged in to post a comment Login

Leave a Reply

Exit mobile version
Konpaevents 2025

FREE
VIEW