Connect with us

MUSIC

ZENGLEN LAGE DÈNYE ALBÒM LI KI RELE “BRAVO”

Published

on

“BRAVO” se tit dènye albòm fòmasyon mizikal zenglen pote pou tout fanatik mizik alawonnbadè jou ki te mèkredi 29 mas 2022 a, kat lane apre “No dead end” te fin soti.

Lè n konn sa zenglen reprezante nan biznis mizik la, bravo se minimòm jès, chak grenn ayisyen ki renmen eritaj Nemours Jean-Baptiste kite pou nou an, ta dwe fè pou montre apresyasyon yo pou laboratwa mizik sila.
BRAVO gen 13 mizik sou li apre “Nou tout bèl” mizik videyo nou te deja jwenn depi 18 janvye kòmansman lane a. Yonn pi bèl pase lòt. Soti nan “Nicolena”, ki se yon omaj byen merite pou Nicolena Ferrentino saksofonis djaz la, yon moun ki toujou rete fidèl ak zenglen nan bon tankou move tan e ki rete makònen ak mizik lakay depi plis pase 20 lane, rive nan “Kòman nou ye” okenn moun pa ka plenyen. Yon albòm tout moun jwenn. Mayestwo Brutus pwouve, yon lòt fwa anplis, se mizik djaz la konn fè.

Malgre etikèt enstabilite san fini ki kole nan do zenglen depi kèk tan, sa pa janm vrèman rive afekte kalite pwodiksyon djaz la. Ou ta ka menm di pè Brut gen sekrè a.
Plizyè atis patisipe sou “BRAVO” e pami yo Tamara Suffren, ki yon lòt fwa, konfime ak piblik la talan chantèz li menm si pat gen dout sou sa.

Zenglen fè sa li abitye fè a, li rete ak fanatik djaz la e fanatik bon jan konpa dirèk pou sipòte travay la.
Bravo Brutus Dérissaint (Chèf bann nan), bravo Emminix (chantè vedèt) ki byen delivre machandiz la e bravo ak chak grenn dwèt nan pla men yo ki pèmèt nou rive jwenn gwo “BRAVO” sila.

Gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »