Connect with us

NEWS

Widler Octavius Rankontre Laprès nan Miami Florida

Published

on

Wid anba manto Biggy Records prezante bay la près dimanch ki te 28 fevriye 2021 an 2 bèl mizik ak tout videyo ki parèt an 2 tan chapit 1 “kole” epi chapit 2 “ou pa meritem” ki gen pou gwo tit “my story”. Evènman sa a te dewoule nan Hollywood Live nan eta florid  devan plizyè jounalis, animatè ak kèk moun ki te fè deplasman pou vin sipòte Biggy ak atis la.

Li fè 6 zè nan aswè lè ki te bay pou konferans la te fèt, yon bèl dekò ki ka pèmèt ou wè deja sa k pral fèt la. Mèt seremoni an ak envite yo deja sou plas,kèk minit apre Wid debake nan yon lanmbògini vèt, atis la byen bòzò nan bèl chemiz li yon mouchwa sou tèt li chevel byen trese ap defile anba yon ti seren lapli ki petèt ap ba l benediksyon li pou li antre nan sal la, sou akèy tout moun ki te prezan yo.

 Seremoni an pa t pran tan pou kòmanse pou piblik ki te la a ak sila yo ki tap tann anba layv konpaevents lan ki te responsab pou asire pwodiksyon an. Yon travay konpaevents te fè ak tout kò l tout nanm li pou l reyisi l e pèsòn pa ka plenyen de kalite son ak imaj Wilfrid Petit-Frère ak estaf li te bay la. Menm si se te yon bèl travay sa pat anpeche PDG konpaevents lan kontrarye lè li te remake avan menm lansman an te fèt videyo yo te deja deyò sou konpa magazine. Sware a te kontinye dewoule byen trankil kote jounalis yo te kòmanse poze kesyon ak konsène yo.

Apre seyans kesyon repons lan, envite yo te pwofite pran kèk foto ak atis la pou fini sware a an bote jan sa te kòmanse a. Se te yon bèl sware ki depase atant anpil moun. Gen kèk bagay atis la pa t di nan konferans la paske l pa t gen kesyon sou yo men nan 3 pou 5 yon emisyon ki pase sou page facebook konpaevents chak jou, atis la bay kèk detay an plis de mizik yo jou ki te lendi premye mas la. Nan entèvyou sa Wid aprann nou se li ki ekri mizik “kole” a epi Zazou fè sekans yo, se te yon mizik li te prepare pou twazyèm albòm li ak zenglen. Se istwa atis la tout bon, se pou sa yo gen tit “my story”, se sa li te viv ak yon ansyen mennaj li li rakonte nan mizik la. Se menm bagay la tou pou “ou pa meritem” menm si se ak yon lòt ansyen mennaj se sak fè li tap fè plis sans pou gade videyo sa yo youn apre lòt pou byen konprann istwa sa yo Smitty chwazi bay yon sèl senaryo.

 Atis la lanse karyè solo li se vre men lap gen yon ekip kap toujou akonpanye l lè lap gen pou l jwe. Pou kounya Wid nan toune pou fè pwomosyon pou mizik yo men estaf la ap prepare pou òganize yon bèl pwogram sou fòm konsè petèt nan mwa me pou make retou li. “Nou kòmanse diferan nou vle kontinye diferan” pou repete pawòl Wid. Atis la te tou pwofite di ak tout fanatik zenglen ki te renmenl anndan djaz la li konnen separasyon an difisil men gade kote pozitif la pito, li se yonn pami tout pitit zenglen akouche pou kontinye fè travay la, sa ki enpòtan zenglen bay mizik ayisyèn nan yon jèn ki pi devan ka pote anpil pou kilti nou. 

Fanatik yo ap sitou konsole yo ak mizik li te chante nan zenglen yo paske yap nan repètwa li tou e li pa ekate posiblite jwe ak djaz la tou si sa ta rive pou l fèt epi albòm atis la nan wout, yon albòm kap gen 10 mizik sou li daprè sa chantè a di. Wid prevwa fè Fanatik yo jwenn kèk lòt atis avè l sou albòm nan men sa poko fèt, li panse ak Wendy epi Kenny anpil moun twouve yon ti koulè l nan “ou pa meritem” nan.


Guirlande B St Hubin | gbsainthubin@gmail.com

Facebook Comments
Continue Reading
Translate »