KONPAEVENTSKONPAEVENTS
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from FooBar about art, design and business.

What's Hot

REGINALD CALVERT – M’PA DRA BLAN’W ” official video “

March 8, 2021

WID INTERVIEW ON KONPAEVENTS [ MARCH 1 ST 2021 ] 

March 3, 2021

WID VIDEO RELEASE & PRESS CONFERENCE [ FEV 28 – 2021 ]

March 1, 2021
What's Hot

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022
Facebook Twitter Instagram
Facebook Twitter Instagram Vimeo
KONPAEVENTS KONPAEVENTS
Subscribe Login
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
KONPAEVENTSKONPAEVENTS
Home » “Volume” yon nouvo djaz nan endistri mizikal ayisyèn nan
NEWS

“Volume” yon nouvo djaz nan endistri mizikal ayisyèn nan

konpaeventsBy konpaeventsSeptember 11, 2021Updated:December 3, 2021No Comments3 Mins Read
Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp VKontakte Email
Share
Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

Nan dènye tan sa yo, apre kowonaviris fin mete monn lan sou poz epi ensekirite pa bò lakay nou frennen nou tou, endistri mizikal ayisyèn nan cho tankou dife. Anpil mizik ak albòm ap soti, anpil bal sou mache entènasyonal la konsa tou gen djaz kap kreye, pami yo “Volume”.

“Volume” Se yon djaz James Lobertho Mireau fonde 15 mas 2021 an nan Florida. Li batize djaz la “volume” pou sa mo sa vle di nan li menm: << Volume se yon espas yon kò oubyen yon objè okipe. E nan mizik mo sa itilize anpil, depi sa nap tande a bon nou di monte volume nan. Kidonk, sa nap pote nan zòrèy melomàn yo bon e biznis la te bezwen son sa a alòs nou vin okipe espas la>>. Se konsa Lobertho tap eksplike n poukisa pitit li rele “Volume”.

Volume se yon djaz ki gen yon fòma redwi ak 4 mizisyen: fondatè a se mayestwo epi kibòdis, Hans Joseph AKA King Lelu (chantè), Alexandre Claudine AKA Tipik (gitaris), Jean François AKA Skinny (basis) ak 2 mizisyen an rezèv: Igson (gitaris) epi Wilguens (basis), se pa san rezon Top Vice se modèl yo.

Daprè mayestwo a desizyon fòma djaz la se yon bagay byen kalkile: << li pi fasil pou yon pwomotè rezève nou kote biyè avyon ak otèl pou 4 mizisyen sèlman epi pa gen anpil fòma konsa nan biznis la>>.

Djaz la kòmanse jwe bal depi 14 me nan okazyon fèt manadjè a ki se Nahum Joseph e yo gentan jwe ak Rutshelle Guillaume, Vayb e chak dimanch nan Krave Lounge, chak lendi nan Hollywood Live. Ta sanble bebe a fèt tou mache.

Pou kounye a, djaz la entèprete mizik lòt moun e yo fè sa byen anpil daprè Lobertho: << nou gen bon mizisyen ki chaje ak talan, yo ekzekite trè byen ansanm. Tout moun ki vin tande nou enpresyone e yo tou vin fanatik men sa pap anpeche nou kontinye travay pou n vin pi bon>>.

Volume pap sèlman rete nan entèprete lòt mizik se pou rezon sa yo kòmanse travay pou pote yon albòm pou fanatik yo apre mizik videyo yo lage deja a ki se “Tik Tok”.

Volume gen anpil gwo rèv, yonn ladan yo se vin yon referans nan mizik ayisyèn nan pou yo reprezante e vann mizik sa tou patou nan monn lan, pou n repete apre fondatè a.

Tankou anpil djaz ki ta renmen vin jwe lakay paske lakay ak fanatik pa bò isit yo manke yo, Volume tou ta renmen vin jwe lakay e fè konesans ak rasin li.

Nap di Volume byenvini nan endistri mizikal ayisyèn nan e swete yo bon jan siksè.

Gbsainthubin@gmail.com  | @guigui_landy

Facebook Comments
Featured Hans Joseph Loberto Volume
Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn Tumblr WhatsApp Email
Previous ArticleBerto bèl plezi louvri yon restoran Sen Domeng, “Lamanjay”
Next Article Ekip: Kredi Album – Back in The Game !
konpaevents
  • Website

Related Posts

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Don't Miss
MUSIC

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 20220 MUSIC

Lendi 18 avril 2022 a, dat pou dat, fè fòmasyon mizikal Klass 10 lane depi…

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

DJUMAY PRAL TOUNEN AK TOUT FÒS LI NAN ENDISTRI MIZIKAL AYISYÈN NAN

April 12, 2022
Stay In Touch
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
Our Picks

18 AVRIL 2022, KLASS 10 LANE AKONPLI

April 19, 2022

ARLY LARIVIÈRE AK DJAZ LI NU LOOK KRAZE “OLYMPIA DE PARIS”

April 19, 2022

Opa Gala Awards Returns

April 18, 2022

TOUNE DISIP AN AYITI

April 6, 2022

Subscribe to Updates

Get the latest creative news from SmartMag about art & design.

Our Picks

Remember! Bad Habits That Make a Big Impact on Your Lifestyle

January 13, 2021

The Right Morning Routine Can Keep You Energized & Happy

January 13, 2021

How to Make Perfume Last Longer Than Before

January 13, 2021

Stay off Social Media and Still Keep an Online Social Life

January 13, 2021
  • Facebook
  • Twitter
  • Pinterest
  • Instagram
  • YouTube
  • Vimeo
KONPAEVENTS
Facebook Twitter Instagram YouTube WhatsApp TikTok
  • HOME
  • NEWS
  • INTERVIEWS
  • MUSIC VIDEOS
  • LIVE VIDEOS
© 2022 KONPAEVENTS.

Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

Sign In or Register

Welcome Back!

Login to your account below.

Lost password?