Connect with us

NEWS

Vag Lavi Pa Vle Lwanj Apre Lanmò

Published

on

Valens Fleurimond Atis tout moun konnen sou non “Vag Lavi” sòti yon mizik ak tout videyo ki rele “Lwanj apre Lanmò”.

Nan mizik sa atis rabòday la mete aksan sou ipokrizi ki karakterize sosyete nou an ak fanmi yo kote nou plis pale anbyen de yon moun lè li mouri, alòske nou pa gen abitid fè lwanj pou yo pandan yo vivan.

Atis la prefere se pito nan vivan yon moun pou n ap pale de li anbyen, di tout kalite bèl paròl pou li, di jan li te bon olye sè l mouri pou n ap fè sa.

Kriye pa leve mò, yon verite tout moun dakò sou li eki se prensipal refren mizik sa ki gen videyo l disponib sou YouTube.

Eske “Lwanj apre Lanmò” pral fè siksè menm jan ak “Ti Mamoun” ?

Bélizaire Raphaël (Rafa)

YouTube player
Facebook Comments
Continue Reading
Translate »